Prezidan Ejipsyen an Repete li Kont Deplasman Palestinyen Gaza yo

Egyptian President Abdel Fattah al-Sissi chairs an Arab foreign ministers meeting during an Arab summit in Sharm el-Sheikh, South Sinai, March 29, 2015.

Prezidan Ejipsyen an, Abdel Fattah al-Sissi, mande madi pou rekonstriksyon Gaza "san deplase Palestinyen yo," apre Donald Trump te di li ka sispann èd li bay Ejip ak Jòdani si peyi sa yo refize resevwa Gazawi yo.

Pandan yon apèl telefòn ak premye minis Danwa a, Mette Frederiksen, Sissi mete aksan sou "nesesite pou kòmanse rekonstriksyon Gaza (...) san deplase Palestinyen yo e nan yon fason ki prezève dwa yo pou viv sou tè yo," daprè yon kominike biwo li te pibliye.

Prezidan Ejipsyen an repete kreyasyon yon eta Palestinyen bò kote Izrayèl se "sèl garanti pou reyalize yon lapè dirab" nan Mwayen Oryan an.

Semenn pase a, pandan li te nan Washington ak Benjamin Netanyahu, prezidan ameriken an te deklare Etazini pral pran "kontwòl" Gaza pou rekonstwi li epi devlope li ekonomikman. Li te pwopoze pou Gazawi yo ta deplase Jòdani oswa Ejip.

Plan Trump lan te pwovoke gwo kontestasyon sou plan entènasyonal epi li te rejte pa Palestinyen yo, Jòdani ak Ejip, ki se pami pi gwo benefisyè èd ameriken an.

Malgre sa, prezidan ameriken an rete konvenki Jòdani ak Ejip ap fini pa aksepte resevwa Palestinyen yo.

"Mwen panse mwen ka fè yon akò ak Jòdani. Mwen panse mwen ka fè yon akò ak Ejip. Nou ba yo milya ak milya dola chak ane," Trump te di.

Lendi, ministè afè etranjè Ejip la te voye jete "nenpòt konpwomi" ki ta ka vyole dwa Palestinyen yo, sitou dwa yo genyen pou "rete sou tè yo," apre yon rankont ant chèf diplomasi Ejipsyen an, Badr Abdelatty, ak tokay ameriken li, Marco Rubio, nan Washington.