Ensekirite : Pòtoprens selebre Dimanch « Pré-Carnavalesque » yo nan Kèk Ba ak Restoran

A woman with a her special outfit during the carnival celebration in Port-au-Prince, Haiti. Photo: FLorence Lisené

Plizyè ba ak restoran t akeyi aktivite dimanch « Pré-Carnavalesque » yo nan Pòtoprens, dimanch 9 fevriye 2025 lan.

​Nan Petyonvil festivite yo te dewoule nan Palette restaurant sou tèm « Cha panche ». Gwoup Kreyòl La se te majòjon sware sa a ki te gen ladan l tou 2 DJ : Anthony ak Nos.

Flame Lounge Bar Grill ki li menm nan Delma 75 te resevwa piblik pou sware sa a ki te rele « Tèt cha ». Nan fèt sila a te genten tou DJ Anthony, gwoup Raram no limit, yon defile Teyat nasyonal t òganize ak kèk atis envite.

Lòt kote tankou Eurek Vybzz, Thano Bar te fè aktivite pa yo tou.

Enfòmasyon yo rapòte ba ak restoran yo tanmen estrateji sila a depi dimanch 19 janvye 2025.