Administrasyon Trump la Fèmen Katye Jeneral Ajans pou Pwoteksyon Konsomatè yo nan Washington

Foto Achiv: Biwo Pwoteksyon Finansye Konsomate yo nan Washington.

Responsab bidjè federal administrasyon Trump la voye yon kourye elektwonik bay anplwaye ajans pwoteksyon konsomatè yo pou mande yo sispann travay.

Mesaj la rive jwenn yo Lendi, nan moman yo tap fèmen pòt Biwo Pwoteksyon Finansye Konsomatè yo nan Washington pou yon semèn.

Kèk moun gen kè sote y ap pare pou sakaje biwo sa a menm jan yo te fè ak Ajans Ameriken pou Devlopman Entènasyonal la (USAID).

Pandan wikèn nan, anplwaye biwo sa a te dekouvri 2 sal konferans nan sousòl la te kouvri ak papye ak tep ble.

Yo te ka tande vwa moun kap diskite koupi yo pral fè nan ajans gouvènman an.

Trump te revoke direktè biwo a 1 Fevriye.

Demokrat yo ak pwogresis yo eksprime kòlè yo fas ak desizyon prezidan Repibliken an pran pou l vize biwo sa a.