WASHINGTON —
Administrasyon Prezidan Donald Trump la pase lòd bay tout depatman federal ak ajans pou yo remet lis anplwaye ki pa byen pefòme nan djòb yo.
Administrasyon an voye yon memo Jedi ki vize redui fòs travay la ann atandan desizyon tribinal sou òf defere li voye bay anplwaye federal yo pou yo demisyonen volontèman.
Memo a, ki soti nan Biwo Manadjment Pesonèl la mande ajans la soumèt non chak anplwaye ki resevwa yon grad ki mwenske "siksè konplè" sou pèfòmans yo pandan 3 ane ki pase yo. Li mande tou pou yo note si travayè sa yo enskri nan pwogram pou amelyore pefòmans yo.
Done sa yo gen pou yo rive 7 Mas pou pi ta.