Anpil Fakilte nan Inivèsite Leta a Lage san yon Adrès Fiks Akoz Ensekirite a

Students listen to school Director Jean Marc Charles at the Lycée school, which reopened about a week earlier than other schools in Petion-Ville, Haiti, Nov. 28, 2019.

Fakilte agwonomi ak medsin veterinè (FAMV) ; Fakiltedèsyans (FS) ; Fakilte medsin ak famasi (FMP) ; Fakilte odontoloji (FO) ; Fakilte dwa ak syansekonomik (FDSE) ; Lekòl nòmal siperyè (ENS). 6 antite inivèsite leta sa yo se viktim dirèk ensekirite a ak vyolans gang ki lakoz okenn nan yo p ap fonksyone jounen jodia nan yon lokal fiks.

Bandi yo sakaje pi fò nan lokal sa yo ak vòlè sa ki te ladan yo. Se ka FAMV, FS, FMP, FO ak FDSE. Yo te rive boule Lekòl nòmal nan fen mwa mas 2024.

Yon lòt kote, espas Fakilte etnoloji (FE) ki pa twò lwen FDSE, FMP ak FO te rete entak. Li vin inaksesib toutfwa lakoz sitiyasyon sekirite ki gen nan zòn Maglwa Anbwaz la. Enfòmasyon yo rapòte tòl ki kouvri batiman etnoloji a « tounen paswa » lakoz afwontman ki toujou gen nan zòn sa a.

Ra fakilte ki toujou gen lokal yo, tankou Enstiti etid ak rechèch afrikèn ak ayisyèn yo (IERAH) ; Fakilte syanzimèn ak Enstiti nasyonal administrasyon jesyon ak etid entènasyonal yo (INAGHEI), pa rive fonksyone nòmalman nonplis. Kout zam w ap tande nan Avni kristòf la ak Laflèdichèn lan pouse pwofesè ak etidyan yo pè zòn nan epi frekante espas yo raman.

Fakilte lengistik aplike (FLA) li menm, lokal li a tounen abri pwovizwa pou moun ensekirite a fè kite lakay yo.