Ayiti: Vyolans Seksyèl Kont Timoun yo Miltipliye pa 10 Pandan Ane 2024 la

Timoun monte bisiklet nan Kan Devirel, kote moun ki pedi kay yo nan tranbleman te Okay la nan mwad Out 2021 ap viv kounyea.

Pou ane 2024 la, vyolans seksyèl kont timoun yo an Ayiti ogamante a yon vitès dejenere, dapre sa UNICEF fè konnen nan yon rapò li pibliye semèn sa.

Selon ajans Nasyonzini an, vyolans seksyèl kont timoun yo an Ayiti miltipliye pa 10 pou ane 2024 la.

Gwoup nèg ak zam fè timoun yo monte lesyèl pa do. bagay grav bandi yo fè timoun yo "inimajinab" selon pòtvwa UNICEF la, James Elder, ki pwofite rele anmwey kont goup nèg ak zam k ap fòse timoun yo antre nan gang.

UNICEF deklare : "Rekritman ti gason ak tifi nan gwoup gang yo te ogmante a 70%. Jodi a, jiska mwatye nan manm gwoup gang yo se timoun, kèk nan laj jiska uit an."

Selon UNICEF, gen nan timoun yo, gang yo menase yo pou yo ka antre nan kan yo, gen lòt yo manipile pou yo antre nan aktivite gang yo.