Prezidan CPI: Sanksyon Etazini yo se Yon "Atak Grav" Sou Lòd Entènasyonal yo

FILE - Judge Tomoko Akane walks before delivering a verdict at the International Criminal Court in The Hague, Netherlands, Nov. 20, 2024.

Prezidan Tribinal Kriminèl Entènasyonal la Vandredi kondane sanksyon kont enstitisyon an ke Prezidan Ameriken Donald Trump te pran kont yo, li di sa se kòm yon "atak grav" sou lòd entènasyonal la.

Tomoko Akane di nan yon deklarasyon"Menas sa yo ak mezi sa yo konstitye tankou se yon atak grav sou Eta dwa Tribinal la, lòd entènasyonal la ki baze sou règ ak lalwa".