Prezidan Etazini ak Panama Pral Pale Vandredi

(COMBO) This combination of file pictures created on December 22, 2024 shows then former US President and Republican presidential candidate Donald Trump (L) during an election night event at the West Palm Beach Convention Center in West Palm Beach, Florid

VIL MEXIKO, 6 fevriye (Reuters) - Prezidan panameyen an, Jose Raul Mulino, te di sou rezo sosyal yo jedi ke li pral pale ak tokay ameriken li Donald Trump, a 3:30 p.m. nan vandredi apremidi.

Diskisyon sa yo pral fèt pandan 2 peyi nan mitan gwo diskisyon sou kwontwòl Kanal Panama a.

Dimanch 2 fevriye a Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio te rankontre ak lidè Panama a pou l fè presyon sou demann Prezidan Donald Trump pou Lèzetazini reprann kontwòl Kanal Panama a, e pandan vizit li nan peyi a Rubio te tou pwofite vizite kanal la.

Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, di prezidan Panama a peyi l la dwe diminye enfliyans Lachin sou zòn Kanal Panama a, sinon li ka fè fas ak posib reprezay nan men administrasyon Trump lan.

Prezidan panameyen an bò kote pal Jose Raul Mulino te pwopoze yon chita pale nan nivo "teknik" ak Lèzetazini pou abòde enkyetid Prezidan Donald Trump genyen sou enfliyans Lachin nan kanal la.