Nouvo polisye sa yo rive nan kontèks kote rimè ta fè kwè, Etazini koupe finansman MMS la.
Sepandan, kòmandan MMS la Godfrey Otunge, demanti rimè sa yo e fè konnen misyon an ap kontinye pou pi rèd.
Chèf MMS la souliye, MMS la gen plizyè peyi k ap finase l, ladan yo, Espay ak Meksik.
N ap fè sonje madi ki sot pase la, anviwon 70 polisye Salvadoryen te debake nan Pòtoprens pou vin ranfòse fòs miltinasyonal la.
Avèk 200 nouvo polisye Kenyan sa yo ki rive jodia, kantite polisye ki konpoze MMS la depase 1000 moun. E yo soti nan plizyè peyi, tankou Kenya, Salvador, Jamayik, Beliz elatriye vin ajoute sou anviwon 800 polisye ki te deja sou teren an
SEE ALSO: Godfrey Otunge di li Konfyan MMS la Ap Met Lapat Sou Chèf Gang yo