Sitwayen nan Bann Gaza a rejte Mèkredi plan Prezidan Donald Trump pou deplase yo yon fason pèmanan epi fè Etazini "pran kontwol" redevlopman teritwa a.
Fanmi kap viv nan Kan Refije Jabaliya a ap viv nan kondisyon terib kote yo oblije fè lake pou jwenn dlo, epi kuit pen nan fou anyen. Ozalantou yo gen debri kay ki finn detwi nèt.
Yon refije di ajans nouvèl Associated Press: "Se tè natal nou, se isit nou pran nesans e kote nou vle mouri."
Nayefa Rehan ki oblije deplase 3 fwa pandan lagè a di: "sete yon erè pou m kite isit la anvan, e nou rekonèt sa kounyea. Mwen viv anpil soufrans, moman difisil epi grangou. Mwen wè sa tout kote m pase. Nou pral rete isit la."
Sigjesyon Trump la te fèt pandan yon konferans pou laprès nan Mezonblanch la ak Premye Minis Izrayelyen Benjamin Netanyahu.
Trump te detaye yon plan pou konstwi nouvo kan refije pou Palestinyen yo andeyo Gaza, e li di Etazini pral "pran kontwol" redevlopman teritwa a ke lagè finn ravaje epi fèl tounen "Riv Mwayèn Oryan an"
Trump deklare: "Etazini pral pran kontwol Bann Gaza a e nou pral travay sou li tou."
Komantè sa yo soulve kondanasyon Palestinyen ki sèmante pou yo pa kite teritwa yo.
Refije Reem Rehan di AP: "Mouri isit pi bon, li pi bon pase ale okenn lot kote paske ou pa gen anyen apre ou finn pèdi teren w, peyi w ak kay ou. Menm si li ratibwaze kay nou gen plis valè pase okenn lot bagay."
Ejipt, Jodani ak lot alye Etazini nan Mwayèn Oryan an deja rejte ide deplase plis pase 2 milyon Palestinyen nan Gaza pou mete yo nan lot peyi nan rejyon an.