Fanm Ayisyèn yo Akouche Apeprè 33 mil Timoun nan Repiblik Domininikèn an 2024

FILE - Women who recently gave birth wait for medical attention at the Nuestra Señora de la Altagracia Maternity Hospital in Santo Domingo, Dominican Republic, Dec. 10, 2023.

Pou ane 2024 la, fanm ayisyèn k ap viv Sendomeng akouche apeprè 33 mil timoun, selon yon bilan Sèvis nasyonal Sante dominiken.

Nan yon rapò li pibliye lendi, sèvis saa fè konnen fanm ayisyèn yo akouche yon total 32,967 timoun pou ane 2024 la, sa ki reprezante 36% sou tout kantite timoun ki fèt nan Sendomeng an 2024.

Selon rapò a, lopital Repiblik Domininikèn yo anrejistre 92,661 timoun ki fèt pandan ane 2024 la. 58,511 nan timoun sa yo gen manman dominiken, sa ki reprezante 63.8%. 183 gen manman lòt nasyonalite (sof Ayiti).

Pa rapò a 2023, kantite timoun medam ayisyèn yo fè nan lakou sendomeng diminye tou.

Pou ane 2023, fanm Ayisyèn yo te fè 38,555 timoun sou 107,762 mil bebe ki te fèt sou tout teritwa domimiken an.