Nan yon bilan li pi pibliye ayè jedi a sou rezo yo, GARR enfòme otorite nan Sendomeng pimpe voye tounen plis pase 22 mil Ayisyen (17,840 rapatriye, 4,204 refoule)
Yon lòt bò, òganizasyon ayisyèn nan ajoute gen 31, 368 Ayisyen ki ranmase batanklan yo e deside retounen Ayiti san bri san kont.
Sa ki fè pou sèlman mwa desanm 2024 la, gen plis pase 53 mil (53,412) Ayisyen ki te nan lakou sendomeng, ki kounya antre an Ayiti.
N ap fè sonje, nan mwa oktòb 2024, prezidan Repiblik Domininikèn nan, Luis Abinader te anonse plan pou depòte 10,000 Ayisyen chak semèn.
Anplis de sa, Sendomeng se peyi ki plis depòte Ayisyen pandan ane 2024 la.
Peyi vwaze depòte ounyen rapatriye 223, 895 Ayisyen pou ane 2024 la, selon yon bilan GARR.