Trump: 'Koze Gaza a Pa Janm Reyisi'

Foto Achiv: Premye Minis Izrayelyen Benjamin Netanyahu (a goch) ak Prezidan Donald Trump nan Lamezonblanch.

Prezidan Donald Trump ak konseye li yo di yon kalandriye 3-5 an pou rekonstwi Gaza, jan trèv pwovizwa a mande l la, pa vyab.

Trump deklare Madi: "koze Gaza a pa janm reyisi."

Li pwopoze pou yo jwenn "bon mosso tè a" pou "kosntwi bèl kay pou yo" e ke li tap pi bon pase si yo te tounen Gaza.

Komantè yo vini yon ti tan anvan Trump te sipoze rankontre Premye Minis Izrayelyen Benjamin Netanyahu nan Lamezonblanch.

Lamezonblanch ap konsantre l sou rekonstriksyon pandan ke trèv seselfe ant Izrayèl ak Hamas la te antre an aplikasyon sa pa gen lontan.