Kanal Panama : Plent Depoze pou Anile Konsesyon pò Hongkongè Hutchison

Panama US Rubio

2 avoka panameyen te depoze yon plent lendi ki mande pou leta anile konsesyon ki pèmèt yon filyal konglomera Hongkongè CK Hutchison opere de pò sou kanal Panama, pandan menas ap sòti bò kote Donald Trump pou Etazini ta repran wout maritim estratejik sa a.

Kontra konsesyon yo te bay konpayi Hutchison Holdings, ki baze nan Hong Kong, depi 1997 "vyole plis pase 10 atik nan konstitisyon an," dapre sa Norman Castro, youn nan pleyan yo nan ka saa, ki devan Kou Siprèm nan, te di devan laprès.

Plenyan yo afime konpayi an pa peye taks e li benefisye yon seri avantaj ki sipoze kont lalwa.

"Aprè yon analiz detaye sou kontra a (...), nou deside pote yon plent sou enkonstitisyonalite, mwayen apwopriye pou n defye konsesyon an.” Se sa Julio Macias, lòt avoka ki ap mennen aksyon sa a devan lajistis, te deklare.

Plent saa 2 avoka yo depoze a tit pèsonèl vize anile kontra ki pèmèt Panama Ports Company, yon filyal konpayi Hongkongè a, eksplwate pò panameyen Balboa ak Cristobal, nan de rantre kanal la.

Konpayi an ap sibi tou yon odit otorite Panama yo pou verifye si li respekte angajman finansye li yo.

Ka sa a vini nan moman kote prezidan ameriken an, Donald Trump, menase pou li "repran" kanal Panama a paske li konsidere li kòm yon kanal ki nan men Lachin.

Hutchison Ports PPC, filyal Hutchison Holdings, te jwenn yon premye konsesyon 25 lane, ki te pwolonje pou 25 lòt ane an 2021.

Manman konpayi an, Hutchison Holdings, milyadè Hongkongè Li Ka-shing te fonde, se youn nan pi gwo konglomera divèsifye nan Hong Kong e li se yon konpayi ki vann aksyon sou mache labous la.

Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, ki te rankontre avèk prezidan Panama a, Jose Raul Mulino, dimanch, te deklare li swete peyi a ap kalme "enkyetid" ameriken yo sou enfliyans Peken ta ka ap egzèse sou kanal la.