Sendomeng Voye Tounen Plis Pase 31 mil Ayisyen pou Mwa Janvye 2025 la

Dominican Republic Haiti Migrants

Imigrasyon Sendomeng rapatriye oubyen depòte plis pase 31 mil migran ayisyen pou mwa janvye 2025 la, dapre yon bilan Direksyon Jeneral Migrasyon dominiken.

Nan yon rapò li pibliye weekend pase a, Direksyon Jeneral Migrasyon dominiken anonse yo voye tounen Ayiti 31,204 sitwayen ayisyen.

Nan rapò a, Imigrasyon presize Repiblik Domininikèn depòte anviwon 16,293 migran ki pa gen papye e rapatriye 14,920 lòt.

Otorite dominikèn yo rapòte yo mennen 266 operasyon nan tout peyi a pou arete migran ki san papye yo.

Daprè imigrasyon kay vwazen, operasyon sila yo fèt nan "respè pwotokòl ki garanti respè dwa ak diyite moun yo depòte yo".

N ap fè sonje pou mwa desanm 2024 la, Sendomeng te voye tounen Ayiti plis pase 22 mil migran Ayisyen.

Pou tout ane 2024 la, Repiblik Domininikèn te depòte oubyen rapatriye 223, 895 Ayisyen, selon yon bilan GARR.