Rubio Vizite Kanal Panama, ke Administrasyon Trump lan Vle Kontwòle

U.S. Secretary of State Marco Rubio tours the Miraflores locks at the Panama Canal in Panama City

Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, vizite Kanal Panama dimanch 2 fevriye a, yon Kanal ke prezidan ameriken an, Donald Trump kwè dwe retounen sou kontwòl Etazini.

Misye Rubio te ale nan sant kontwòl Miraflores la, ki nan vil Panama. Se youn nan responsab Panameyen yo, administratè Ricaurte Vásquez ki te resevwa l.