Trump Mande Ankò pou Kanada Vin '51èm Eta' Etazini

Trump

Prezidan Donald Trump Dimanch 2 fevriye yon lòt fwa ankò mande pou Kanada vin yon eta Ameriken, sa ki vin ogmante tansyon yo pi plis apre li frape yo ak tarif.

Pandan ke Etazini te peye "dè santèn de milya dola pou sibvansyone Kanada," aparamman Trump t ap refere li ak yon defisi komèsyal pou Etazini .

Trump te kontinye pou di "san sibvansyon masiv sa a, Kanada t ap sispann egziste kòm peyi solid."

"Se poutèt sa, Kanada ta dwe vin 51yèm eta ," se sa prezidan ameriken an te ekri sou platfòm medya sosyal Truth Social li a. Li reklame ke mouvman an ta pote " taks ki pi ba, ak pi bon pwoteksyon militè pou moun Kanada yo. "