Pilòt yo te Toujou Krenn Espas Ayeryen an nan DC Ta ka lAkòz yon Katastwòf

Jefo sekouris yo ozalantou debri avyon ki tonbe nan flev Potomac la tou pre ayeropo nasyonal Ronald Reagan nan Washington, 30 Janvye 2025.

WASHINGTON (AP) — Espas ayeryen ki antoure Washington, D.C., chaje ak trafik epi li konplike—yon konbinezon ekspè nan avyasyon te toujou krenn sa ta ka mennen nan yon katastwòf. Krent sa yo tounen reyalite nan nuit mèkredi a lè yon avyon American Airlines frape ak yon elikoptè militè, sa ki lakòz 67 moun pèdi lavi yo, pami yo twa sòlda ak plis pase yon douzèn patinè atistik.

Menm nan pi bon kondisyon vòl yo, ekspè yo di espas ayeryen ki antoure Ayopò Nasyonal Reagan Washington se yon defi pou menm pilòt pi eksperimante yo, ki dwe jere santèn lòt avyon komèsyal, aparèy militè ak zòn restriksyon ki antoure kote sansib yo.