WASHINGTON, 31 janvye (Reuters) - Otorite federal ki an chaj aviasyon (FAA) mete restriksyon sou tout vòl elikoptè tou pre ayewopò Washington, DC Reagan Washington National pou yon peryòd endefini vandredi, 2 jou apre yon kolizyon elikoptè lame amerikèn ak yon avyon komèsyal .
Administrasyon Aviyasyon Federal la te pran aksyon sila pou evite yon lòt kolizyon fèt pandan ekip yo t ap travay pou konnen ki jan katastwòf lè fè rive nan Rivyè Potomac la.
Yon ofisyèl FAA te di Reuters ajans lan te anpeche pifò elikoptè vole sou wout ki toupre ayewopò yo sèlman pèmèt lapolis ak elikoptè medikal fè zòn ayewopò a.
Aksidan an te alète je tout moun sou kesyon sekirite avyon yoak yon mank travayè kontwolè ki pa genyen nan ayewopò ki gen anpil avyon kap vole ladann chak jou.