Ogmantasyon gang ann Ayiti : Leslie Voltaire lonje dwèt sou Michel Martelly

Foto Achiv: Prezidan Ayisyen Michel Joseph Martelly nan vil Berlen nan peyi Almay, 29 Oktob, 2014.

Nan pasaj li nan peyi Lafrans, prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), Leslie Voltaire, te pase sou plato TV5 Monde, pou l te pale de sitiyasyon ensekirite a k ap gangrannen Ayiti, akoz gwoup gang yo ki kontwole yon pakèt kote nan zòn metwopolitèn nan.

Achitèk Leslie Voltaire pa t met dlo nan bouch li, pou l te akize e lonje dwèt sou ansyen prezidan Michel Joseph Martelly, li di ki "legalize bandi yo".

Prezidan KPT a deklare chantè Sweet Micky te asosye l ak gwoup nèg ak zam yo pou l ka "kontwole pouvwa a, pou l ka gen yon pouvwa milis."

Pi lwen, prezidan KPT a eksplike, Gang yo gen tout pouvwa saa, dabò politisyen te achte yo, answit gang yo antre nan trafik dwòg, trafik zam ak trafik ògàn moun yo touye yo!

Sepandan, Leslie Voltaire fè konnen lapolis, nan tèt kole ak misyon miltinasyonal la, mennen plizyè operasyon pou dechouke bandi yo, sitou nan depatman Latibonit, kote otorite yo redui enfliyans gang yo nan rejyon an.