Leslie Voltaire Rankontre Emmanuel Macron

FRANCE-HAITI-POLITICS-DIPLOMACY

Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) an, Leslie Voltaire, rankontre prezidan fransè a Emmanuel Macron jodi mèkredi 29 janvye 2025 lan.

Daprè yon piblikasyon ministè afè etranjè fè sou kont X li @MAE_Haiti, madi 28 janvye 2025 lan, rankont sila a vize ranfòse relasyon bilateral ant ansyen Metwopòl la ak ansyen koloni l, Ayiti.

Ministè a presize tou, rankont sila a pral dewoule nan palè L’Élysée epi vizit #1 KPT a ap dire 2 jou. Li di tou Voltaire ap gen pou l rankontre Jean-Marc Ayrault, ki se ansyen premye minis peyi Lafrans ak aktyèl prezidan « Fondation pour la mémoire de l’esclavage ».

Lafrans se dezyèm peyi dirijan ayisyen an vizite nan kad toune sa a li te tanmen wikenn pase sou kontinan ewopeyen an.

Avan Macron, Leslie Voltaire te rankontre Pap François nan vil Vatican. Reprezantan Fanmi Laval nan KPT a te deklare l ap frape pòt moun ki renmen Ayiti, pandan vizit sila a nan peyi Litali.

N ap raple premye prezidan KPT a, Edgard Leblanc Fils, nan mwa septanm 2024 pandan pasaj li nan Asanble jeneral ONU an, te pwofite eksije Lafrans reparasyon ak restitisyon dèt Lendepandans lan.

N ap raple tou Emmanuel Macron te trete Ayisyen enbesil aprè revokasyon Garry Conille nan tèt Primati.