Nan yon videyo ki poste sou kont X ministè sante piblik @MsppOfficiel, Duckenson Lorthe Blema, aktyèl minis sante piblik ak popilasyon an, prezante senpati l ak kondoleyans li bay tout fanmi ki gen pwòch yo viktim aprè bandi te fin vide bal sou lopital jeneral nan mitan jounen lendi 24 desanm 2024 la.
Nan videyo sa a ki te poste nan lannwit lendi a, minis la di li prezante « avèk anpil lapèn » senpati l, solidarite l ak kondoleyans ak tout fanmi viktim yo. Minis Blema di tou atak sa a s on trajedi.
« Menm jan ak prezidan konsèy tranzisyon an, son excellence Leslie Voltaire, ministè sante piblik kondane zak kriminèl sa yo ak tout fòs li paske y atake dwa fondamantal nou pou lavi, sante ak sekirite », deklarasyon Duckenson Lorthe Blema.
Daprè enfòmasyon yo, bandi yo te kache anndan lòt espas ki nan « complexe » lopital la pou yo te fè atak sa a ki lakoz lanmò 2 jounalis ak yon polisye. Genyen tou 9 moun ki blese pami yo 7 jounalis; laplipa nan jounalis sa yo blese grav. Chèf gang 5 segonn nan, Izo, revandike atak sila a.