Gouvènman Ayisyen an deklare yon eta dijans Dimanch swa, apre afwontman nan kapital la ki te lakoz kominikasyon te andomaje epi debouche sou evazyon nan 2 prizon.
Pandansetan, chèf gang puisan G9 la Jimmy Cherizier, alyas Barbecue, anonse objektif li se dechouke Premye Minis Ariel Henry.
Pou retabli lòd nan kapital la, gouvènman an enpoze yon kouvre fe ki antre an aplikasyon tou suit nan Depatman Wès la "pou yon peryòd tan renouvlab de 72 zè" dapre deklarasyon Primati a pibliye.
Kouvrefe a ap ann aplikasyon ant "6zè nan aswè ak 5 hè di maten Lendi 4, Madi 5, ak Mèkredi 6 Mas la."
Fòs de lòd yo, ponpye, chofè anbilans, travayè la sante ak jounalis ki gen idantifikasyon pap oblije respekte kouvre fe a, dapre sa deklarasyon an di.
Dekrè dijans la vini apre yon gwo ogmantasyon nan zak vyolans yo pandan wikèn nan ki te paralize kèk katye kapital la, andomaje kominikasyon epi debouche sou 2 evazyon prizonye.
Direktè Digicel, prensipal konpayi telefon peyi d Ayiti deklare fib optik li andomaje apre plizyè jou zak vyolans nan lari kapital la.
Teknisyen te jwenn mwayen Dimanch apremidi pou retabli konplètman koneksyon an, dapre sa PDG Digicel Maarten Boute di sou rezo X la gras ak "brav teknisyen ki te travay san rete nan kondisyon prekèr pou pèmèt sa fèt."
Gwo zam lou tap tire epi koze panik pandan jou ki pase yo apre Cherizier, yon ansyen polisye te lanse apèl bay gang ame yo pou yo kole tèt ansanm pou ranvèse PM Ariel Henry sou pouvwa a. Cheirizer dirije yon alyans gang puisan e lap fè fas ak sanksyon Nasyonzini ak Etazini.
Gwoup sivil ame yo te atake pi gwo prizon peyi d Ayiti, an palan de Penitansye Nasyonal Samdi swa. Yo defye yon fòs polis ki te mande sekou. Jounalis VOA ak Reuters te vizite penitansya Dimanc kote yo pa we okenn siy polisye pandan ke prensipal pot prizon an te rete louvri.
Gen yon prizonye ki pa idantifye tèt li ki di Reuters "se mwenmenm sèl ki rete nan selil mwen. Nou tap dòmi lè nou te tande bal kap tire. Baryè selil yo kraze.
Li poko klè ki kantite prizonye egzakteman ki nan mawon. Yon sous di Reuters ke se yon "pakèt". Penitansye te sipoze kenbe 700 prizonye lè li te konstwi, men te gen 3,687 prizonye ki te fèmen andedan an dapre done RNDDH (Rezo Nasyonal Defans Dwa Moun) te pibliye an Fevriye 2023.
Yon enjenyè ki te pale ak VOA Dimanch di gen 99 prizonye ki te deside rete nan prizon an akoz yo te pè pou yo pa mouri nan echanj kout zam nan. Pami yo te gen ex-solda Kolonbyen ki enplike nan asasina Prezidan Jovenel Moise.
Moun te ka wè kadav 3 prizonye ki te eseye chape poul yo atè nan lakou penitansye a Dimanch.
Cherizier lanse avètisman bay sitwayen yo semèn sa a pou yo pa voye pitit yo lekòl pou evite "domaj kolateral" nan moman zak vyolans ap ogmante pandan absans premye minis la.
Gen 15,000 moun ki oblije kouri kite kay yo akoz zak vyolans yo nan jou ki pase yo. Gen 10 abri kote moun ki kite kay yo akoz zak vyolans gang yo tap viv, ki te vid pandan wiken nan dapre OIM (Oganizasyon Entenasyonal Nasyonzini pou Migrasyon).
Premye Minis Ariel Henry, ki te monte sou pouvwa a an 2021 apre asasina Prezidan Moise, te pwomèt anvan sa pou l remèt pouvwa a nan komansman mwad Fevriye a. Apre sa li te fòk gen sekirite anban pou li òganize eleksyon lib e onèt.