Enkilpasyon sa yo taka destabilize pi plis peyi d Ayiti, ki deja ap goumen pou fè fas ak zak vyolans gang yo epi yon seri manifestasyon vyolan kote popilasyon an ap mande demisyon Premye Minis Ariel Henry.
Rapò a, ki gen 122 paj, ke jij Walther Wesser Voltaire pibliye, nomen plizyè douzèn sispèk. Jij Voltaire se 5èm jij ki travay sou ankèt asasina a.
Your browser doesn’t support HTML5
Predesesè li yo te demisyonen pou divès rezon, pami yo lapèrèz dèske yo tapral mouri asasinen tou.
Leon Charles, ki se te chèf lapolis (PNH) lè Moise te mouri, ap travay aktyèlman kòm reprezantan pèmanan Ayiti nan Òganizasyon Eta Ameriken yo, lap fè fas ak akizasyon ki pi grav yo: tantativ asasina, posesyon zam ilegal, konplo kont sekirite entèn leta, epi asosyasyon kriminèl.
Pandansetan, Joseph ak Martine Moise, ki te blese nan atak la ap fè fas ak akizasyon konplisite ak asosyasyon kriminèl.
Charles pat reponn demann Associated Press te fè pou komantè. Avoka Martine Moise la pat reponn non plis.
Pandansetan, Claude Joseph pataje ak Associated Press yon deklarasyon ki akize Henry dèske lap "minnen" ankèt la epi benefisye de lanmò prezidan an.
Joseph lanse apèl anko bay Henry pou l demisyonnen e li fè remake ke lè li te premye minis li te envite FBI pou l vin ede otorite lokal yo envestige asasina a epi ekri Nasyonzini ak L'OEA pou mande asistans yo.
Nan rapò li a, Jij la fè remake ke ansyen sekretè jeneral Palè Nasyonal la, Lyonel Valbrun te di otorite yo li te pran anpil presyon bò kote Martine Moise pou l mete biwo prezidan an a la dispozisyon Joseph paske li te bezwen l pou òganize yon konsèy minis.
Valbrun di tou ke 2 jou anvan lanmo mari li, Martine Moise te vizite Palè Nasyonal la epi pase prèske 5 hè d tan - soti depi 10 zè di swa pou rive 3 zè di maten kote li te wetire "yon bann bagay".
Li ajoute ke 2 jou apre asasina Jovenel Moise, Martine Moise te rele l pou di "Jovenel pat fè anyen pou nou. Fok ou louvri biwo a. Prezidan an di Ti Klod se pou l kreye yon konsèy minis; li pral oganize eleksyon nan 3 mwa pou ke m ka vinn prezidan, kounyea nou pral gen pouvwa."
Tandiske dokiman an pa idantifye Ti Klod, ansyen premye minis la, Claude Joseph gen ti non jwèt sa a.
Jij la deklare nan rapò li tou ke Martine Moise te sigjere ke li te pran refij anba kabann li pou pwoteje tèt li kont asayan yo. Men li fè remake otorite ki tal sou sèn nan jwenn ke menm yon gwo rat patka antre anba kabann nan.
Jij la di deklarasyon ansyèn premyè dam nan tèlman "chaje ak kontradiksyon ke yo lese anpil a dezire epi diskredite li."
Pami lòt moun ke rapò a nomen kòm konplis nan asasina a gen Christian Emmanuel Sanon, yon pastè Ayisyen-Ameriken ki te konsidere tèt li tankou pwochen prezidan Ayiti e ki te konprann yo tapral arete Moise sèlman; Joseph Vincent, yon Ayisyen Ameriken ak ansyen enfoman Administradyon Ranfosman Anti-Dwog Etazini; Dimitri Herard, chèf sekirite prezidansyèl la; John Joel Joseph, yon ansyen senatè Ayisyen ak Windelle Coq, yon jij Ayisyen ke otorite yo di nan mawon.
Ayiti te ekstrade Sanon, Vincent ak Joseph Ozetazini kote gen yo total de 11 sispèk kap fè fas ak akizasyon federal ak koneksyon ak asasina prezidan Ayisyen an. Omwens 3 pami yo deja plede koupab epi resevwa santans yo.
Pandansetan gen plis pase 40 sispèk ki fèmen nan prizon an Ayiti kote yap tann dewoulman pwosè yo. Li poko klè kilè pwosè a pral tanmen. Pami sispèk sa yo genyen 20 ansyen solda Kolonbyen.
Milena Carmona, madanm Jheyner Alberto Carmona Florez di Associated Press ke mari li inosan.
"Sakap fèt la a se yon krim, yon gwo konplo kote moun ki gen pouvwa yo kache dèyè sèn nan epi ap dirije tout bagay, se poutèt sa yo poko libere ansyen solda yo."
Avoka akizasyon Ozetazini dekri konplo a tankou yon plan ki te kreye an Ayiti ak nan Florid pou anboche mèsenè pou kidnape poubyen touye Moise, ki te gen 53 zan, lè li te mouri asasinen nan rezidans prive li nan yon banlye Potoprens.
Atak la te tanmen lanuit 6 Jiyè pou rive granm maten 7 Jiyè dapre sa temwen yo di.
Martine Moise ak plizyè lot moun jij la entewoje di yo te tande kout zam vè 1 hè di maten ki te dire ant 30 ak 45 minit anvan nèg ak zam te debake nan chanm a kouche koup prezidansyèl la.
Moise di li te kouche atè epi li tande atake yo di "Se pa sa, Se pa sa! Se pa sa!"
Li di sispèk yo te fè yon apèl videyo pou idantifye lye egzat sa yo tap chache a lè yo te touye prezidan an. Li di li te fè fas ak sol la lè sispèk yo te vire tèt li epi rale youn nan zotèy li yo pou asire li pat vivan.
Apre yo te pati, Moise di li te trennen ko li atè epi pale tou dousman ak mari l pou di li pral eseye rive lopital ak li.
Rapo a di se nan moman sa a li te reyalize prezidan an mouri e ke yo te rale je goch li soti nan tèt li.
Moise di gen yon gwoup ant 30 ak 50 polisye ki te sipoze veye rezidans prezidansyèl la men jij la fè remakre se yon ti gwoup ofisye sèlman ki te prezan swa sa a. Gen yon polisye ki di jij la li te tande ekxplozyon ak yon vwa kap pale nan yon wo palè ki tap di "Pa tire! Se yon operasyon DEA! Lame Amerikèn! Nou konnen konbyen polisye ki deyo a. Kite zon nan epi bese men nou.
Yon lot polisye di chèf sekirite premyè dam lan jwen li nan "kondisyon kritik" ak 2 pitit li yo. Li di li te wè yon kantite moun li pa presize ap soti nan rezidans prezidan an ak valiz epi anvlop nan men yo.
Rapo a site pawol Enspektè Jeneral Andre Vladimir Paraison ki di prezidan an te rele li a 1:46 di maten epi di'l "Paraison, fè vit, mwen gen pwoblèm! Vini vit pou sove lavi m!" Li di li te kontre ak nèg ame jouk nan dan e li patka rive nan rezidans la nan moman an.
Ofisye ki te sou sèn nan di yo te jwenn machin, fenèt ak pot kay prezidan an chaje ka twou bal, kamera siveyans yo te etenn epi kadna pot pou rive nan chanm a kouche prezidansyèl la te kraze.
Jij la di gen kèk polisye ki te nan rezidans la ke yo te dezame epi menote. Gen lot ki te "gen tan lage ko yo nan yon ravin" pou chache sekirite. Met sou sa, yo akize polisye ki tap jere sekirite prezidan an dèske li te resevwa $80,000 lajan chantaj pou bay kèk polisye pou yo te ka "rete inaktiv" pandan asasina a dapre rapo a.
Jij la fè remake "okenn nan polis ki tap sekirize chèf deta a pat an danje. Malerezman, yo te asasinen chèf d eta a alèz."