Gouvènman Ayisyen an entèdi tout vòl charter ki pral Nikaragwa, ke migran kap kouri kite Ayiti akoz lamizè ak zak vyolans gang yo tap pran de pluzanplu pou yo eseye rive Etazini.
Desizyon an, ke gouvènman an pran Lendi, te lakoz plizyè milye vwayajè te vekse a mò. Yo te rasanble nan lakou ayeropò entènasyonal Toussaint Louverture la.
Ayisyen kap tann avyon pou al Nikaragwa rasanble apre gouvenman an te entedi tout vol charter ki pral Nikaragwa, nan ayeropo entenasyonal Toussaint Louverture la nan Potoprens, Ayiti, 30 Oktob, 2023.
Diery Vilanoit se youn nan pasaje ki te achte biyè pou vòl ki te anile yo.
Your browser doesn’t support HTML5
Diery Vilanoit Vekse ke Gouvenman Ariel Henry a Anile Vòl Charter Nikaragwa yo
Korespondan VOA Kreyòl nan Pòtoprens, Matiado Vilme te pale ak pasaje tou.
Your browser doesn’t support HTML5
Ayisyen ki Achte Biyè Avyon pou al Nikaragwa Vekse Akoz Tout Vòl yo Anile
Lòd ki pase Lendi a te pibliye nan yon bilten brèf ke Associated Press obteni.
Otorite aviyasyon sivil yo an Ayiti pa reponn demann AP fè pou kòmantè sou kestyon an.