Kominote sekirite nasyonal Etazini an ap eseye jere konsekans piblikasyon plizyè douzèn dokiman sekrè. Yap veye sitou enpak sa pral genyen sou pataj enfomasyon sekrè ak gouvènman Ameriken an ak relasyon li ak lot peyi.
Reuters revize plis pase 50 dokiman ki te gen etikèt sekrè ak top sekrè sou yo, ki te parèt sou rezo sosyal yo nan komansman mwad mas la e ki swadizan revele vulnerabilite militè Ikrèn yo ak enfomasyon sou alye Etazini yo tankou Israel, Kore di Sid ak La Tiki.
Pèsonn pat tèlman okipe dokiman sa yo anvan jounal New York Times te pibliye yon atik sou koze a 7 Avril.
Reuters poko verifye otantisite dokiman yo.
Responsab Ameriken yo di kèk nan dokiman ki gen rapo ak kantite solda ki pèdi lavi yo nan Ikrèn te sanble gen chanjman ladan yo pou rann pèt Larisi yo mwen sevè.
Fuit la te bay Pantagon nan ase kè sote pou l refere koze a a Depatman Jistis la, ki limenm louvri yon ankèt kriminèl sou piblikasyon dokiman sa yo.
2 responsab depatman defans la, ki pale ak Reuters sou kondisyon non yo pa site, di Pantagon nan ap egzamine pwosesus ki jere kijan yo pataje kèk pami pi gwo sekrè Etazini yo.
Kèk nan dokiman yo, dapre youn nan responsab yo, te pwobableman disponib pou plizyè milye moun wè li Ozetazini ak nan peyi alye Etazini ki gen otorizasyon pou wè kalite dokiman sa yo malgre yo trè sansib.
Pantagon nan fè konnen Dimanch 9 Avril la nan yon deklarasyon li pibliye ke gen yon jefo yo lanse ak plizyè lot ajans pou jere enpak dokiman sa yo ke yon moun fotografye - pou detèrmine ki enpak sa pral genyen sou sekirite nasyonal Etazini ansanm ak sekirite alye pwoch Etazini yo.
Responsab la di kantite moun ki te gen aksè ak dokiman sa yo souliyen ke petèt yo te pataje enfomasyon sekrè ak gwoup moun, ki pata dwe gen aksè ak dokiman sa yo.
2 responsab yo di Reuters malgre fuit yo se yon bagay ki bay gwo kè sote, pi fo nan yo se foto ki te pran an Fevriye ak Mas - men yo pat revele okenn enfomasyon sou operasyon nan lavni.
Malgre piblikasyon dokiman sa yo sanble reprezante pi gwo fuit piblik enfomasyon sekre depi plizye zane, responsab yo di - pou kounyea fuit la pa osi grav ke fuit ki te pibliye 700 mil dokiman, videyo ak kourye diplomatik ke WikiLeaks te pibliye an 2013.
Apre nouvel sou fuit la te pibliye nan mwad Mas la, anketè Ameriken yo te vini ak divès teyori sou kijan sa te rive. Youn nan teyori yo se ke sete yon moun ki tap senpman pataje dokiman yo pou vante yo de travay yo tap fè. Gen lot teyori ki kwè se yon moun kap travay nan kominote ransèyman Ameriken an oubyen yon militè Ameriken ki responsab pou fuit la.
Yon ansyen responsab wo plase ajans ranseyman etazini di li kwè gen anpil chans ke se ajan Ris ki pibliye dokiman ki gen rapo ak Ikrèn yo nan kad yon operasyon dezenfomasyon Ris.
Li di operasyon konsa gen kom bi pou kreye konfisyon pa dezako - pami advèsè Larisi yo - e ke se yon abitid "klasik" sèvis espyonaj rus yo pou yo pibiye dokiman otantik kote yo mete fo enfomasyon pa yo.
Li ajoute sanble objektif la se kreye zizani ant Ikrèn ak Etazini, ki founi Kyèv pi gwo asistans militè li.