Yon Jij Federal Rejte Deman Pou Mete 30 an Anplis Sou Santans R. Kelly a

FILE - R. Kelly leaves the Criminal Court Building in Chicago, Illinois, June 6, 2019.

CHICAGO (AP) — Yon jij federal te rejte demann avoka akizasyon yo fè pou kenbe R. Kelly nan prizon jiskaske li gen 100 an.

Olye de sa, Jij Harry Leinenweber te di chantè R&B a pral sèvi tout santans li yo ansanm esepte youn ki se 20 ane kondanasyon pou rakèt ak trafik sèks.

Dènye santans lan se yon tribinal nan Chicago ki te bali li. Sa vle di li te kapab potansyèlman soti nan prizon lè li gen apeprè 80 zan.

Pwokirè yo te mande jij la pou l kondane Kelly a 25 ane - epi pou l pa kite l kòmanse santans li sa jiskaske li fin fini kondanasyon 30 ane pou rakèt ak trafik sèks, ki te enpoze ane pase a nan eta New York.