Ekip Kansas City Chiefs ap fè fas ak Philadelphia Eagles nan Super Bowl la, ki se chanpyona foutbòl zepòl kare Ameriken an.
Philadelphia Eagles te pran devan bonè nan match la.
Kwatèback Jalen Hurts kouri pou l fè yon touchdown, pou pèmèt Filadelfi pran devan.
Eagles se premye ekip ki make yon pwen apre yo resevwa balon an nan premye peryòd chanpyona a.
Atis country Chris Stapleton te chante im nasyonal la. Dabitid atis yo konn fè chèlbè ak chante tradisyonèl Etazini an men Stapleton te deside bay yon pèfòmans senp.
Se atis popilè Rihanna, ki pral prezante spektak nan mitan match la.