Akademi Kreyòl Ayiti a (AKA) Enstale 10 Nouvo Manm –Pami yo 3 Ap Viv nan Zòn Washington

akademi kreyol ayisyen

Nan Pòtoprens, Ayiti, nan jounen jedi 30 jen an, pi presizeman nan Otèl Marriot, Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA) te òganize yon seremoni espesyal pou enstale nouvo manm akademi an.

Nan evennman sa a, nouvo manm ki te pran lapawòl nan non kolèg li yo se Yvon Lamou ki pale de rezondèt akademi an pandan li detaye travay k ap tann li menm ak kòlèg li yo.

Reprezantan gouvènman an sete Minis Kilti ak Kominikasyon an, Emmelie Prophete, ki fè yon bon rale sou travay ki te fèt pou kreyol la rive kote li ye jounen jodiya: li site espesyalman defen Minis Edikasyon Nasyonal, Joseph C. Bernard, ki te lanse, sa genyen 40 tan ane sa a, sa ki rele “Refòm Edikatif Ayisyen an” ki pèmèt kreyòl la sispann reprezante tèt kanna ki pa ka monte tab, men ki antre nan curriculum divès lekòl nan peyi a selon pwogram ofisyèl Depatman Edikasyon pou sistèm edikatif ayisyen an.

Nouvo manm yo se: 1. Altagrace Payen Auguste; 2. Norah Amilcar Jean-François; 3. Sandra Duval; 4. Régine Duroska-Murray; 5. Chantal Hirsh Noel; 6. Marie-Jeanne Léo Louis-Charles; 7 Al Duniel Dimanche; 8. Lyonel Desmarattes; 9. Yvon Lamour; 10. Jean Robert Placide.

Pami nouvo akademisyen yo, gen 3 ki abite nan zòn metwopolitèn Washington nan: Régine Duroska-Murray, Sandra Duval avèk Lyonel Desmarattes. Yo pral ranfòse nan rejyon kapital Etazini an travay Serge Bellegarde ki te deja manm akademi an depi fondasyon enstitisyon an.

Misyon AKA se travay pou bay lang kreyòl la jarèt sitou gras ak preparasyon ak piblikasyon materyèl pou ayisyen aprann li ak ekri lang nan. Misyon an gen ladan l tou efò pou prezante lang nan sou pi bèl aspè li dekwa pou ranvèse prejije ak tabou ki te genyen –e kontinye genyen- nan sosyete a kont kreyòl kòm yon zouti pou aprantisaj tout kalite konesans. Patisipasyon kreyolis yo nan 28èm edisyon Livres en Folie ane sa a montre kantite liv ki ekri nan lang nan pa sispann ogmante.