Nasyonzini ap negosye yon solisyon ki ta enpoze yon anbago zam, bloke byen epi anile viza vwayaj pou chèf gang G9 la, Jimmy Cherizier, alyas Barbecue.
Mezi a ta vize tou, lòt pèsonaj Ayisyen ak gwoup ki mele nan aktivite ki menase lapè, sekirite oubyen stabilite an Ayiti, dapre yon pwojè rezolisyon Associated Press wè.
Rezolisyon sa a ke Etazini patwone site non Cherizier, yon ansyen polisye ki dirije alyans gang ki rele "G9 Fanmi ak Alye". Sepandan li ta tabli yon komisyon Konsèy Sekirite a ki ta deziye lòt ayisyen ak gwoup ki dwe sou lis nwa a epi fè fas ak sanksyon tou.
Pwojè rezolisyon an eksprime "gwo kè sote pa rapo ak pakèt zak vyolans gang yo ap komèt epi lòt aktivite kriminèl tankou kidnapping, trafik moun, trafik migran, asasina, vyòl fanm ak omoseksyèl esklavaj seksyèl epi koripsyon. Dokiman an di moun kap komèt krim sa yo pa janm pini e yap rekrite timoun pou vinn fè pati gang lan tou, e sa lakoz sityasyon Ayiti vin pi grav."
Konsèy Sekirite LONU gen pou diskite sou Ayiti Lendi 17 Oktòb.
Lavi kotidyèn an Ayiti te vinn pi grav mwa pase a, kèk hè d tan apre Premye Minis Ariel Henry te di gouvènman an tapral sispann sibvansyone gaz la kivledi pri gas la tapral double.
Gang yo te bloke antre tèminal prensipal petwòl Varreux a e sa te koze yon rate gaz epi debouche sou yon rate dlo potab. Tout sa a fèt nan moman maladi kolera a refè sifas.
Pwojè rezolisyon an di "Cherizier ak konfederasyon gang G9 la ap bloke efektivman deplasman lib petwòl soti nan tèrminal Varreux a - ki se pi gwo tèminal petwòl Ayiti a.
Li ajoute: "Aksyon li kontribye dirèkteman a paralizi ekonomik ak imanitè a an Ayiti."
Nan yon videyo li pibliye sou paj Facebook li semèn pase a, Cherizier lanse apèl bay gouvènman an pou'l akode limenm ak manm G9 yo amnisti epi anile tout manda d'arè yo genyen kont gwoup la. Li di sityasyon ekonomik ak sosyal Ayiti ap vin pi grav chak jou e ke pa gen pi bon moman pou demantle sistèm nan.
Cherizier te bay detay tou sou plan tranzisyon lap pwopoze pou retabli lòd an Ayiti. Plan sa a gen ladann yon Konsèy Saj ki tap gen yon reprezantan chak nan 10 depatman peyi a, ki ta dirije ansanm ak yon prezidan pwovizwa, jiskaske yo ka oganize eleksyon nan mwad Fevriye ane 2024. Li mande tou pou restriktire Polis Nasyonal Ayiti a epi ranfòse lame a.
Prezidan Repiblik Dominikèn nan, Luis Abinader dekri sityasyon Ayiti a resaman tankou yon "gè sivil". Gouvènman Dominiken an ap sere boulon migran Ayisyen yo tou.
Enstabilite politik la ap bouyi depi asasina Prezidan Jovenel Moise la ane pase a. Pandan li te sou pouvwa a, Moise te fè fas ak plizyè manifestasyon kote pwotestatè yo te mande demisyon li epi akize'l de koripsyon. Moise te disoud palman an nan mwad Janvye 2020 apre palmantè yo pat resi oganize eleksyon an 2019 akoz kont ki te pete ant yo.
Semèn pase a, premye minis Ayisyen an ak 18 responsab wo plase te mande patnè entènasyonal Ayiti yo "deplwaye rapid rapid yon fòs ame espesyalize" pou ede peyi a stope "aktivite kriminèl" gang ame yo ap komèt toupatou nan peyi a.
Sekretè Jeneral Nasyonzini, Antonio Guterres te voye yon lèt bay Konsèy Sekirite a Dimanch ki mande pou yo deplwaye yon fòs aksyon rapid ki ta gen moun yon peyi manm oubyen plizyè peyi manm, pou ede PNH la.
Fòs sa a ta gen kòm misyon pou "elimine menas gang ame yo poze epi pwoteje tou swit enfrastrikti ak sèvis esansyèl yo. " Fòs la ta sekirize tou deplaseman dlo, petwòl, manje ak medikaman soti nan pò prensipal yo ak ayewopò yo pou pote yo bay kominote yo ak lopital yo".
Pwojè rezolisyon an pran not lèt Guterres la e li akeyi apèl Ayiti lanse a. Li ankouraje tou, "deplwaman san pèdi tan" yon fòs aksyon rapid miltinasyonal" pou apiye Polis Nasyonal Ayiti, jan sekretè-jeneral rekomande'l la.
Responsab Ameriken yo te deklare Mèkredi ke administrasyon Biden nan pare pou voye asistans sekirite ak asistans imanitè bay Ayiti, epi mete restriksyon viza sou kèk responsab aktyèl ak ansyen responsab gouvènman Ayisyen an ki an konfyolo ak gang yo.