Lezetazuni ap komemore 20em anivese atak teworis 11 Septanm 2001 yo. Jou sa a teworis te pran d'aso 3 avyon Ameriken ke yo te detounen. Youn te frape Sant Komes Mondyal la nan Nouyok, yon dezyem frape Pantagonn nan, ki se syej Depatman Defans Nasyonal la, epi twazyem nan tonbe nan yon chantye nan eta Pensilvani, apre pasaje Ameriken ki te abo avyon an te atake teworis yo pou anpeche yo akonpli misyon yo.
Etazuni Komemore 20e Anivese Atak Teworis 11 Septanm 2001

5
Moun koute diskou pandan yon seremoni pou komemore atak teworis 11 Septanm 2001 yo nan Pantagon nan nan Washington, 11 Sept. 2021.

6
Jen gason sa a ap lapriye pandan yon seremoni nan Pantagon nan pou komemore 20e anivese atak teworis 11 Septanm yo.

7
Prezidan Joe Biden ak Premye Dam Jill Biden rive nan moniman 11 Septanm nan nan Nouyok, Samdi 11 Sept. 2021.

8
Ansyen Prezidan Barack Obama ak premye dam Michelle Obama rive nan moniman 11 Septanm Nouyok la pou asiste yon seremoni nan lone viktim atak teworis 2001 an.