Lezetazuni ap komemore 20em anivese atak teworis 11 Septanm 2001 yo. Jou sa a teworis te pran d'aso 3 avyon Ameriken ke yo te detounen. Youn te frape Sant Komes Mondyal la nan Nouyok, yon dezyem frape Pantagonn nan, ki se syej Depatman Defans Nasyonal la, epi twazyem nan tonbe nan yon chantye nan eta Pensilvani, apre pasaje Ameriken ki te abo avyon an te atake teworis yo pou anpeche yo akonpli misyon yo.
Etazuni Komemore 20e Anivese Atak Teworis 11 Septanm 2001

9
Prezidan Joe Biden ak Premye Dam Jill Biden debake nan ayewopo entenasyonal LaGuardia nan Nouyok, 10 Sept. 2021.

10
Foto Achiv: Yon drapo Ameriken ap vole sou Pantagonn nan ki se syej depatman defans Etazuni, 11 Sept. 2018.

11
Foto Achiv: Chrissy Bortz ki se moun Latrobe eta Pensilvani rann omaj a moun ki mouri abo vol 93, nan moniman nasyonal la nan Shanksville, 22 Sept. 2018.

12
Foto Achiv: Ponpye retrete eta Nouyok, Bruce Stanley pote yon foto konfre li, Leon Smith Jr. pandan yon seremoni nan Sant Komes Mondyal la nan Nouyok, 11 Sept. 2018.