Lezetazuni ap komemore 20em anivese atak teworis 11 Septanm 2001 yo. Jou sa a teworis te pran d'aso 3 avyon Ameriken ke yo te detounen. Youn te frape Sant Komes Mondyal la nan Nouyok, yon dezyem frape Pantagonn nan, ki se syej Depatman Defans Nasyonal la, epi twazyem nan tonbe nan yon chantye nan eta Pensilvani, apre pasaje Ameriken ki te abo avyon an te atake teworis yo pou anpeche yo akonpli misyon yo.
Etazuni Komemore 20e Anivese Atak Teworis 11 Septanm 2001

1
Ex Prezidan Bill Clinton, ansyen premye dam Hillary Clinton, ex Prezidan Barack Obama, ansyen premye dam Michelle Obama, Prezidan Joe Biden, Premye Dam Jill Biden ak responsab vil Nouyok, 11 Sept. 2021.

2
Ansyen majistra vil Nouyok Rudy Giuliani asiste yon seremoni pou komemore 20e anivese atak teworis 11 Septanm nan Nouyok.

3
Yon seremoni pou komemore 20e anivese atak teworis 11 Septanm nan Nouyok, Samdi, 11 Sept. 2021.

4
Polisye salye komansman seremoni pou komemore 20e anivese atak teworis 11 Septanm yo, Samdi 11 Sept. 2021 nan Nouyok.