Nan premye diskou Prezidan ameriken an, Joe Biden, pwononse devan Asanble Jeneral Nasyonzini an, madi 21 septanm 2021 an, li pwomèt Lèzetazini pral deplwaye yon "diplomasi agresif" e li pwomèt peyi a pa p chache deklanche yon nouvo "Gè Fwad".
Nan moman lidè ameriken an t ap rive nan L ONU, jounalis yo te poze li kestyon sou sityasyon an sou fwontyè Etazini ak Meksik la.
Prezidan an reponn: "N ap pran kontwòl sityasyon an."
Biden pale de yon ajenda global kote Ameriken yo va sèvi ak fòs militè kòm mwayen dènye rekou.
Biden pran plas li pou premye fwa kom chef d'eta Etazuni devan podyom Nasonzuni an pou pwononse yon diskou ki dire 30 minut.
Li lanse apel pou le mond pran aksyon agresif pou konbat COVID-19 ak chanjman klima.
San li pa site non pi gwo advese Etazuni - an palan de la Chinn - Biden semante tou ke li pap chache ogmante okenn konfli.
Biden defann tou desizyon pou rale twoup peyi a soti Afghanistan apre 20 an. Yon desizyon ki soulve gwo pale anpil.
Paret Biden fe devan LONU a Madi rejte direkteman politik "Amerik an Premye" Donald Trump te pousuiv la.
Andeyo bilding LONU an, jounalis nou Celia Mendoza rankontre Marie Placide, yon Ayisyenn ki rete nan katye BRONX e ki ap viv Etazuni depi li te gen 5 an. Li tap pwoteste kont politik Etazuni vizavi migran Ayisyen yo.
"Map pwoteste kon sakap pase sou frontye Texas la. Mwen vinn la a pou'm fe Biden konnen ke le moun vinn Ozetazuni pou mande azil se pa yon privilej men pito yon dwa," Madan Placide di VOA.
Li di sa fe'l mal sitou pou'l we imaj gad frontye ki sou chwal k'ap bat migran Ayisyen yo.
"Se yon krim kont lumanite - e se pou sa mwen kanpe devan LONU," Madan Placide deklare. "Yo sipoze ap siveye move zak pou le mond - Ki kote yo ye le yap britalize, teworize epi maltrete Ayisyen pi mal pase chyen?"
Koleg nou Celia te rankontre sou Anbasade Meksik la nan LONU, Ramon de la Fuente. Li pale sou sityasyon Ayisyen yo.
"Malerezman sakap pase ak Ayisyen an se yon pwoblem ki konplike anpil - se yon bon egzanp de kijan yon konbinezon kriz ka poze gwo tet chaje. Chanjman klima vinn ajoute sou kriz politik, kriz ekonomik epi kriz sosyal," Anbasade de la Fuente deklare.
Asanble Jeneral LONU an dewoule chak ane nan katye jeneral li, nan Nouyok, e se pi gwo rasanbleman lide mondyal yo. Ane sa a gen selman apepre 100 chef deta ki di y'ap asiste an pesonn.