Lèzetazini pwolonje entèdiksyon li te enpoze kont tout vòl Ameriken nan direksyon Pòtoprens pou jous 8 Septanm akoz zak vyolans gang yo ki ogmante.
Administrasyon Federal Aviyasyon an anonse nouvèl la Madi. Nouvo lod la pwolonje entèdiksyon kont tout vol Ameriken nan direksyon Potoprens ki te tanmen nan mwad Novanm lan apre gang yo te louvri zam sou 3 avyon komèsyal.
Premye entèdiksyon an te sipoze ekspire jodi Mèkredi 12 Mas la.
William O'Neill, ekspè dwa moun Nasyonzini pou Ayiti fèk sot vizite peyi a. Li di jounalis yo nan LONU ke zak vyolans gang yo vin pi grav menm jan ak "doulè ak dezespwa tout popilasyon an."
O'Neill lanse apèl bay otorite Ayisyen yo pou yo konbat enpinite ak koripsyon ke li di reprezante pi gwo obstak pou demantle gang yo.