Sou chak 3 timoun ki oblije kite katye yo akoz vyolans gang yo, genyen youn ki pa gen plis pase 5 lane ! Sa vle di, plis pase 33 pousan timoun ki deplase yo gen mwens pase 6 lane.
Selon òganizasyon Save the Children, anviwon 200 mil timoun ki deplase gen laj 5 an ou pi piti.
Gang yo fè timoun yo pa jwi dwa fondamantal yo : dwa pou yo jwenn sante, manje ak dlo potab, dapre sa òganizasyon an ekri nan kominike a.
Oganizasyon an plede pou gen yon fen nan vyolans yo paske, dapre Save The children, se sèl mwayen pou yo pwoteje lavi timoun yo.