Accessibility links

Breaking News

Leslie Voltaire Vizite Baz Misyon Miltinasyonal la


Leslie Voltaire, president of Haiti's transition council, welcomes a military contingent from El Salvador, at the Toussaint Louverture International Airport, in Port-au-Prince, Haiti, Feb. 4, 2025.
Leslie Voltaire, president of Haiti's transition council, welcomes a military contingent from El Salvador, at the Toussaint Louverture International Airport, in Port-au-Prince, Haiti, Feb. 4, 2025.

Yon delegasyon konsèy prezidansyèl tranzisyon an, ki gen nan tèt li Leslie Voltaire, vizite samdi premye mas 2025 la, baz misyon miltinasyonal la (LSA2), nan Pòtoprens.

Pandan vizit li nan baz MMS la, achitèk Leslie Voltaire, ki te gen ak li konseye prezidansyèl Fritz Alphonse Jean ak chèf Polis la, Normil Rameau, "salye devouman" fòs miltinasyonal la k ap kore Polis Nasyonal Ayiti nan goumen kont gang yo nan peyi a, selon sa Misyon an fè konnen nan yon kominike pou laprès.

"Prezidan Voltaire rekonèt reyalizasyon enpòtan ki akonpli gras ak jefò kontenjan MMS la", dapre menm kominike sa a.

Prezidan Leslie Volaire te profite vizit sa a pou li voye kondoleyans li bay fòs miltinasyonal la ki te pèdi polisye Samuel Kaetuai nan yon operasyon nan Latibonit.

MMS la, bò kote pa l, eksprime "gratitid li pou soutyen li kontinye jwenn nan men otorite ayisyèn yo, PNH, ak pèp ayisyen an, patnè lokal ak entènasyonal yo, medya yo, ak tout pati ki enplike nan misyon an".

Misyon miltinasyonal la renouvle angajman l ak detèminasyon l pou l kontinye mennen operasyon nan peyi a pou kwape gang yo.

XS
SM
MD
LG