Òganizasyon an presize ak yon chif konsa se 24 timoun ki te mouri ak blese chak mwa. Sa ki vin fè ane 2024 la se te ane ki te pi malouk pou timoun yo.
Kantite nan yo ki te viktim ensekirite a te konnen yon ogmantasyon 68% konpare ak ane 2023 a.
Save the Children soulinye tou yo te touye 184 timoun pami yo 61 tifi. Yo te blese 105 timoun; 30 ladan yo se te tifi.
Li eksplike pifò timoun sa yo, 75 nan yo, te pèdi lavi yo soti oktòb pou rive desanm 2024. 27 nan timoun ki mouri pandan menm peryòd sila a, se timoun gang yo te rekrite.