Kèk adilt Ameriken kwè Fèt Sen Valanten finn pase mòd, dapre yon nouvo sondaj AP fè ak NORC - men gen anpil lòt ki di yo renmen womans ak amizman e yo renmen byen pase l ak patnè yo, zanmi oubyen fanmi.
Sondaj la montre apepre twa-ka Ameriken gen entansyon selebre Fèt Sen Valanten Vandredi.
Apepre 2 sou 10 di fèt la "pa ala mòd".
Apepre mwatye Ameriken pral pase fèt la ak moun yo renmen an.
Gen 4 sou 10 Ameriken k ap pase l ak fanmi yo. Epi 2 sou 10 pral selebre ak zanmi.
Yon ka Ameriken plizoumwen pap fete ditou.
Moun ki gen relasyon anmourez gen plis chans pou yo fete Sen Valanten pase moun ki pa renmen ak pèsonn.