Dapre akò sa a Arévalo anonse mèkredi, Etazini ap kouvri depans pou migran l depòte yo retounen nan peyi yo.
Lendi, El Salvador te anonse yon akò menm jan an, men ki pi laj, kote prezidan Nayib Bukele te deklare peyi li ap aksepte tout moun Etazini depòte, kèlkeswa nasyonalite yo, menm sitwayen ameriken ki kondane pou zak vyolans.
Prezidan Donald Trump ak Sekretè Deta Marco Rubio rekonèt li poko klè kisa lalwa di sou sa.
Imigrasyon se te pi gwo priyorite premye vwayaj diplomatik Rubio kòm chèf diplomasi ameriken an.