Lame Etazini lanse atak kowòdone kont Eta Islamik la nan Somali. Se premye atak Etazini lanse kont peyi Afriken an anba dezyem administrasyon Donald Trump la.
Sekrete Defans Pete Hegseth deklare Samdi Trump te dirije atak Komandman Ameriken pou Afrik la ke yo te kowòdone ak gouvenman Somalyen an.
Premye konsta Pantagòn nan fe endike plizye manm Eta Islamik la mouri.
Pantagòn nan di pa gen okenn sivil ki mouri nan atak yo.
Trump di nan yon mesaj li pibliye sou rezo sosyal ke operasyon an te sible yon responsab wo plase ki fè plan pou Eta Islamik la ak kèk rekri.