Ansyen Senatè Demokrat eta New Jèrze pral oblije pase 11 zan nan prizon. Lajistis jwenn misye koupab dèske li te aksepte lajan anba tab sou fom kib lo ak lajan kach epi ke l te aji kom ajan pou peyi Ejipt.
Jij Sidney H. Stein pwononse santans la Mèkredi apre Menendez te pran la pawol pandan li tap kriye epi di li finn pèdi tout sa ki te enpotan pou li eksepte pou fanmi li.
Andeyo tribinal la, Menendez te aliyen l ak Prezidan Donald Trump. Misye deklare Trump gen rezon atake sistèm jidisyè a. Menendez di sistèm la "politik epi koronpi jous nan bou."
Avoka Menendez te mande jij la pran pitye sou nèg li di moun rele kounyea "Bob Ba Dore" akoz pakèt kib lo ak lajan kach chantaj yo te jwenn lakay li.
Avoka akizasyon yomenm te mande pou jij la kondane senatè a pou l pase 15 zan nan prizon pou krim li yo.