Accessibility links

Breaking News

Real Madrid Depatya Salzburg 5-1 pou l Asire Plas li Omwen nan Match Baraj yo


FILE PHOTO: Champions League - Final - Borussia Dortmund v Real Madrid
FILE PHOTO: Champions League - Final - Borussia Dortmund v Real Madrid

Atakan ekip Real Madrid te an plèn fòm mèkredi 22 janvye a; yo kraze ekip Salzburg la (5-1) nan match Lig Chanpyon an, yon viktwa ki asire chanpyon an tit la omwen yon plas nan match baraj yo.

Rodrygo te fè 2 gòl avek anpil elegans nan premye mitan an (23zyèm, 34ryèm), apre sa entènasyonal fransè Mbappé te fè youn (48yèm) epi Vinicius te make 2 gòl (55yèm, 77yèm).

Nan 84e minit, Mads Bidstrup te sove onè ekip li a, Salzburg.

Real ap fè fas ak Brest pou dènye jounen match li yo, mèkredi 29 janvye kap vini an.

XS
SM
MD
LG