Nouvo premye minis Ayiti, Garry Conille, entène lopital Samdi nan Potoprens, kèk jou sèlman apre yo te chwazi l pou dirije peyi a.
Li poko klè poukisa Conille te opitalize. Gen anpil mesaj kap sikile sou rezo sosyal yo pa rapo ak misye men okenn nan yo pa ofisyèl.
Primature la pibliye yon deklarasyon ki di Conille pat santi l byen "apre yon semèn aktivite entans". Deklarasyon an pa bay okenn lot detay eksepte pou di Conille te stab e ke li remèsye moun ki vinn wè l epi pataje swè yo pou rekiperasyon li.
Louis Gerald Gilles, yon manm konsèy prezidansyèl tranzisyon ki fèk chwazi Conille pou dirije peyi a di Associated Press ke li t al lopital la men li patka bay okenn lot enfomasyon.
Yon pwoch Conille ki pale sou kondisyon pou yo pa site non li akoz li pat gen otorizasyon pale ak laprès di AP ke li te avèk premye minis la lè li te remake Conille, ki soufri ak asm e ki konn sèvi ak yon enhalatè te gen difikilte pou l respire. Moun nan di li rele responsab wo plase yo epi di yo fok yo mennen Conille lopital.
Yon pot pawol pou Conille pat reponn mesaj AP voye ba li pou komantè.
Jounalis AP yo te wè responsab wo plase gouvènman an k ap antre lopital la. Pami yo te gen Frantz Elbe, direktè polis nasyonal Ayiti. Bruno Maes, reprezantan UNICEF an Ayiti te prezan tou.
Gen yon ti gwoup moun ki te rasanble devan lopital la pou fè jouda, pandan ke otorite yo te bloke lari a ak pajeyo nwa.
Yo te seleksyone Conille kom premye minis 28 Me, apre yon pwosesis seleksyon ki te chaje ak pwoblèm. Misye ap fè fas ak gwo defi antan ke nouvo dirijan Ayiti - pami yo jere zak vyolans gang yo nan moman peyi a ap pare pou deplwaman yon fos miltinasyonal Kenya pral dirije. Yo te oblije ranvwaye deplwaman an paske Ayiti pat gen premye minis apre PM Ariel Henry te bay demisyon li 25 Avril pase.
Henry tap fè yon vizit ofisyèl nan Kenya, lè gang yo te lanse atak kowodone 29 Fevriye kote yo boule komisarya lapolis, tire sou ayewopo entènasyonal la epi kraze pot 2 pi gwo penitansye nasyonal la epi kite plis pase 4,000 prizonye sove. Zak vyolans sa yo te lakoz Henry patka tounen an Ayiti epi evantyèlman li te oblije demisyonnen.
Conille te rive an Ayiti 1 Jyen. Anvan sa li te kowodonatè rejyonal UNICEF pou rejyon Amerik Latin ak Karayib la. Li te tanmen djob sa a nan mwad Janvye 2023. Anvan sa, Conille te premye minis Ayiti ant Oktob 2011 ak Me 2012 anba gouvènman Prezidan Michel Martelly.
Conille pase jou ki sot pase yo ap rankontre divès responsab, vizite divès katye Potoprens, e li te menm monte nan yon blende pou al fè patwouy ak Polis Nasyonal Ayiti.
Pi bonè Samdi, Conille te vizite prensipal ayeropo entènasyonal Ayiti, ki fèk relouvri pot li apre zak vyolans gang yo te fose yo fèmen l pandan prèske 3 mwa. Vandredi li te rankontre lidè sektè prive a epitou dirijan 2 konpayi telekominikasyon peyi a.
Conille rankontre regilyèman tou, manm konsèy tranzisyon an, pandan yap fè deba sou kiyès yo ta dwe nomen nan nouvo kabinè a.