Konsèy Sekirite Nasyonzini an vote a l'inanimite pou renouvle manda Biwo Entegre Nasyonzini pou Ayiti a, BINUH, pou yon ane - kidonk jiska 15 Jiyè 2024.
Apre vòt la Vandredi, 14 Jiyè, Linda Thomas Greenfield, Reprezantan Pèmanan Etazini nan Konsèy Sekirite a deklare: "BINUH kontinye reprezante yon fòs pozitiv an Ayiti. Li kontinye apiye Polis Nasyonal Ayisyèn nan, epi fè fas ak zak vyolans gang yo kap trakase pèp Ayisyen an depi lontan."
"Rezolisyon an ankouraje eta manm yo pou yo apiye jefò Polis Nasyonal Ayiti ap fè pou ogmante sekirite nan peyi a atravè deplwaman yon fòs espesyalize. Sa rekonèt apèl Ayiti lanse plizyè fwa pou mande kominote entènasyonal la asistans. "
Reprezantan Pèmanan Ghana nan LONU, Harold Agyeman, te pran la pawòl nan non sa yo rele A-3 a ki se: Ghana, Mozanbik ak Gabon pou di -"Tandiske rezolisyon an te petèt pa reponn konplètman tout bezwen pèp Ayisyen an nan l'imedya, lap fè pa nan bon direksyon an pou pèmèt tout pati prenant yo jwenn yon akò pou pèmèt pwosesis politik demokratik la avanse.
Anbasadè Ayisyen nan Konsèy la, Antonio Rodrigue te pran la pawol tou.
"Konteks Ayiti a pa chanje. Lavi kotidyen pèp la toujou make pa kidnaping, zak vyolans gang yo ak yon ogmantasyon nan bezwen imanitè yo nan tout depatman yo."
Li ajoute: "Dapre ankèt oganizasyon dwa moun yo fè, zak vyolans yo lakoz 563 moun pou pi piti pèdi lavi yo nan zòn Pòtoprens.
Dapre anbasadè Ayisyen an, "nan premye mwatye ane 2023 a, gen plis pase 260 moun ke yo te kidnape lakay yo oubyen nan lye piblik. Li fè remake tou ke jodia an Ayiti, tout je brake sou rankont enpòtan sa a nan Konsèy Sekirite a."
BINUH gen yon misyon politik espesyal ke Konsèy Sekirite a te tabli nan rezolisyon 2476, 25 Jyen 2019. Yo te deplwaye biwo a anba chapit VI Chat Nasyonzini an.