Lajistis nan vil Nouyòk arete depite Ameriken George Santos pou krim federal. Akizasyon ofisyèl la di Repibliken Nouyòk la te detounen lajan moun kontribye a kanpay li, bay Kongre a mandi sou lajan li te genyen epi triche pou resevwa benefis chomaj.
Akizasyon an di tou, Santos te pran tèt patizan li pou fè yo kontribye lajan nan yon konpayi nan Florid epi di yo ke li tapral sèvi ak lajan sa a pou fè kanpay.
Avoka akizasyon an di pwosè a vize "rann Santos responsab pou plizyè konplo kriminèl ak gwo mansonj li te bay."
Santos te konparèt devan yon tribinal nan Long Island Mèkredi, kote yo te akize l ofisyèlman de frod, blanchiman lajan, vol lajan leta epi fè fo deklarasyon devan Kongrè a.
Misye te fè fas ak kolè sitwayen yo akoz revelasyon ki fè konnen li te envante kèk pati nan istwa lavi li, e pi bay manti pou di li te gen anpil siksè lè li tap travay nan sektè finansye Wall Street la.
Depite a di Associated Press Madi ke li pat o kouran de akizasyon lajistis yo.
Santos defye apèl moun lanse pou l demisyonnen. Kèk pami apèl sa yo soti bo kote Repibliken parèy li. Li pa endike ke li gen entansyon demisyonnen akoz akizasyon sa a non plis. Mwa pase a misye te di lap chache re-elu nan pos li.
Nan pase a, manm Kongrè a - kitse Repibliken, kitse Demokrat - te kenbe pozisyon yo pandan yo tap fè fas ak akizasyon lajistis.
Santos gen 34 an. Li te eli nan Kongrè a ane pase a gras ak yon kanpay ki te baze an pati sou manti. Li te di moun li te yon nèg rich ki te konn fè afè ak siksè nan Wall Street, ke li te gen yon pakèt pwopriyete, ke li te yon atlèt volebol vedèt lè l te nan inivèsite ak plizye lot manti anko.
Lidè Lachanm dè Reprezantan, Kevin McCarthy di laprès yo ta dwe prezime Santos inosan juskaske yon juri jwenn ni koupab.
Sepandan, Senatè Repibliken Mitt Romney, ki reprezante eta Utah nan Sena a te konfwonte Santos pandan diskou sou Eta Union Prezidan Biden nan nan mwad Fevriye a epi di l li te dwe rache manyok li depi lontan.
Lè li te gen 19 an, Brezil te mennen yon ankèt kriminèl kont Santos anba akizasyon komkwa li te sèvi ak chèk li te volè pou achte rad. Otorite Brezilyen yo di yo relouvri ka a.
Otorite federal yo ap mennen ankèt separeman sou plent ki gen rapo ak travay Santos te fè pou yon gwoup ki te di lap ede chyen ak chat moun abize. Yon veteran nan New Jèrze akize misye dèske li pa janm remèt li $3,000 li te kotize pou ede peye pou yon chiruji pou chyen li.