Accessibility links

Breaking News

Kèk Ekstrè Deklarasyon l'OEA Pibliye sou Ayiti


Foto Achiv: Asanble Jeneral Oganizasyon Eta Ameriken yo, 12 Nov. 2021.
Foto Achiv: Asanble Jeneral Oganizasyon Eta Ameriken yo, 12 Nov. 2021.

Deklarasyon Sekretarya Jeneral LOEA sou Ayiti

8 out 2022

Men kèk ekstrè:

Demokrasi ak Sekirite

Kriz enstitisyonèl Ayiti ap travèse jounen jodi a se rezilta dirèk aksyon ke fòs natif-natal peyi a ak kominote entènasyonal la poze.

Prezans kominote entènasyonal la ann Ayiti pandan 20 dènye ane yo reprezante youn nan echèk ki pi tèrib e pi klè ki rive nan kad yon kowoperasyon entènasyonal.

Objektif konsta sa a se pa pou blame moun sila yo ki, avèk yon vokasyon pou sèvi san chache avantaj pèsonèl, te travay kòm kowoperan e yo te fè efò maksimòm nan –nan kèk ka menm, yo te fè sakrifis vi yo-- pou Ayiti. Moun sa yo ak memwa yo merite pi gwo respè a.

Olye de sa, sa ki responsab echèk la, se 20 tan yon estrateji politik bankal, san oryantasyon fiks, ke kominote entenasyonal la te aplike e ki pa t kapab fasilite konstriksyon menm yon grenn enstitisyon ki ta gen kapasite pou l poze e rezoud pwoblèm Ayisyen yo ap konfwonte. Apre 20 tan, pa gen menm yon enstitisyon ki pi fò pase jan l te ye anvan sa.

Se anba parapli sa a, --yon parapli ke kominote entènasyonal la te ofri-- gang kriminèl yo, ki jounen jodi a anvayi peyi a, te pran rasin epi donnen, nan moman pwosesis dezenstitisyonalizasyon an ak kriz politik ke nou konstate jodi a t ap devlope epi pran fòm.

Alòs, lè kominote entènasyonal la konstate echèk sa a, li pati kite Ayiti, pandan l kite dèye yon sitiyasyon tèt anba, destriksyon avèk vyolans.

Aktyèlman, li pa lojik pou yon moun panse ke, nan kontèks destiksyon sa a, Ayisyen yo -ki konpletman abandone a yo menm, ki divize e ki dispoze de resous ki pa sispann diminye- kapab gen mwayen pou yo rebati oubyen bati kalte sekirite, dezenstitisyonalization ak pwojè devlopman ki ta kapab pèmèt 12 milyon abitan peyi a rekòmanse viv ansanm nan lapè: san resous, nan yon klima vyolans, san mwayen teknolojik, san rezèv finansye, san okenn nan bagay sa yo jounen jodi a, zòt ta vle fè moun kwè ke yon solisyon ayisyèn totalman endojèn kapab bay bon rezilta.

Se pa sa menm.

San kondisyon demokrasi ak sekirite de baz yo, jounen jodi a peyi a ap soufri akoz kominote entènasyonal la pa genyen bonjan lide ak kapasite reyèl e akoz pwòp pwoblèm estriktirèl pa kominote a.

Koz la se yon kominote entènasyonal ki pa t janm konnen si l te dwe kite MINUSTAH an plas nan peyi a oubyen wete l, yon kominote entènasyonal ki te panse ke kontribisyon lajan sete menm bagay avèk genyen bon jan lide pou w pwopoze, yon kominote entènasyonal ki te panse ke, si l te annik peye pwòp konsiltan l yo, sa t ap sifi pou rezoud pwoblèm Ayisyen yo. Men, sanble okenn nan bagay sa yo pa TE posib lè sa a, e okenn nan yo pa posib toujou jodi a.

Demokrasi

… Konstriksyon demokrasi ayisyèn nan vle di ankouraje kapasite pou dyalòg dewoule -sa ki gen ladan l konstriksyon konfyans mityèl ant diferan aktè sosyal ak politik ann Ayiti. Jounen jodi a, pa genyen okenn sistèm ekilib pouvwa a (kote chak pouvwa gouvènman an gen yon otorite reyèl pou l sipèvize fason lòt yo ap egzèse pouvwa l) ni politikman, ni sosyalman. Okontrè, zak vyolans gaye tout kote nan peyi a, menm jan ak abi pouvwa, aksyon ilegal ki fèt eksprè, enstitisyon ki fayi ak devwa yo, mete sou yon sosyete sivil ki pa gen kapasite pou l poze aksyon.

Tout estrateji pou tabli lapè nan peyi a mande yon demach absoliman endispansab: fòk genyen jistis pou Prezidan Jovenel Moise ki te mouri asasinen. Si limyè pa fèt sou laverite e san jistis, okenn pwogrè pa p janm posib sou chimen rekonsilyasyon ak amoni.

… Pou kòmanse poze pwoblèm sa yo epi abòde solisyon yo, sa mande miz-an-plas pwosesis sa yo:

· Yon pwosesis dyalòg enstitisyonalize e enklizif avèk patisipasyon tout fòs politik ki kapab reyini ansanm alantou pwosesis sa a. Anndan pwosesis sa a, kominote entènasyonal la kapab pote kontribisyon li sou fòm resous e li kapab jete pon ant pati konsène yo pou l bay yo tout jarèt epi plase yo sou wout k ap debouche sou kapasite pou yo bati òganizasyon ak enstitisyon.

· Yon pwosesis elektoral ki merite konfyans, ki pa nan patipri e ki transparan.

· Yon pwosesis ki ofri sekirite enstitisyonèl pou peyi a.

… Li ijan pou travay la kontinye fèt pou ranfòse sekirite a epi kòmanse pwosesis demokratizasyon an.

XS
SM
MD
LG