Venezyela
Venezyela: Maduro Fè Yon Remaniman Nan Lame a
Prezidan Venezyela, Nicolas Maduro, fè yon remaniman nan lame a, youn nan poto mitan ki pouvwa li a, men li kenbe nan pòs respektif yo minis defans lan ak chèf kòmandman estratejik la, 2 mwa edmi apre eleksyon prezidansyèl la ke opozisyon an konteste.
Maduro te deklare sou Telegram, nan yon mesaj ki te akonpaye ak yon videyo vizit li nan akademi militè kapital la, Karakas."Mwen bay lòd pou fè chanjman nan eta majò siperyè fòs lame a".
Li te ajoute "Mwen kenbe jeneral Vladimir Padrino Lopez kòm minis pouvwa popilè pou defans lan, ak jeneral Domingo Antonio Hernandez Larez kòm chèf kòmandman estratejik operasyonèl."
Padrino Lopez ki se minis defans depi 2014, se youn nan figi pouvwa a, te reyafime plizyè fwa anvan ak apre eleksyon prezidansyèl 28 jiyè a "fidelite " fòs lame a Maduro.
Opozisyon an, ki reklame viktwa nan eleksyon sa a, te mande plizyè fwa pou lame a "respekte" rezilta yo.
Prezidan Nicolas Maduro te pwoklame gayan ak 52% nan vòt yo pa Konsèy Nasyonal Elektoral (CNE), yon konsèy yo konsidere anba kontwòl pouvwa a e ki pa t bay detay sou vòt ki soti nan biwo vòt yo.
Opozisyon an asire, ak pwosesis vòt yo kòm prèv, kandida yo, Edmundo Gonzalez Urrutia, ki an egzil nan peyi Espay depi kòmansman septanm, te ranpòte eleksyon an ak plis pase 60% vwa.
Dapre sous ofisyèl, plis pase 2,400 moun te jwenn arestasyon yo pandan manifestasyon ki te swiv anons viktwa Maduro a.
Sa te lakoz 27 moun mouri, pami yo de manm fòs lòd yo.
Lidè Opozisyon Venezyelyen an di Yo Arete Chèf Sekirite li
Lidè opozisyon Venezyelyen an, Maria Corina Machado ki nan kache depi apre eleksyon prezidansyèl ki te fèt nan mwa jiyè yo, di dimanch lan ke yo arete chèf sekirite li ak yon lòt manm nan estaf li.
Se dezyèm fwa yo arete chèf sekirite Machado a, Milciades Avila, premye arestasyon an te fèt de semenn anvan vòt 28 jiyè yo, opozisyon an fè konnen li kapab pwouve kandida li a, Edmundo Gonzalez Urrutia, te ranpòte eleksyon prezidansyèl la.
Arestasyon Avila ak Edwin Moya yo se dènye nan sa opozisyon an konsidere kòm yon vag represyon apre rezilta ofisyèl eleksyon yo di ke se aktyèl prezidan peyi a Maduro ki genyen.
Sa pral fè mesye Maduro twazyèm manda 6 zan ke li pa pase nan tèt peyi a, yon rezilta ki dezapwouve pa anpil manm kominote entènasyonal la.
Machado te di sou medya sosyal "Maduro ak rejim li an komèt yon lòt krim. Yo kidnape yon sitwayen onèt, yon papa... ki gen wòl asire sekirite nou,".
Li te ajoute "Tou 2 te ranpli responsablite yo yon fason egzanplè, yo te toujou okouran risk sa a genyen pou kanpe anfas a yon tirani mond lan jodi a dekri kòm yon sistèm kowonpi e kriminèl,".
Òganizasyon siveyans Foro Penal rapòte 149 "arestasyon abitrè", nan moman dat eleksyon yo t ap pwoche, ladan yo gen 135 moun nan antouraj Machado.
Anpil lòt moun te jwenn arestasyon yo tou depi lè sa a, Foro Penal di jounen jodi a Venezyela gen pi gwo kantite "prizonye politik” depi anviwon 25 lane.
Venezyelyen ki Travèse Forè Darien yo di yo Pèdi Espwa Depi apre Eleksyon Jiyè yo
LAJAS BLANCAS, Panama (AP) — Venezyelyen k ap travèse Gap Darien yo — yon pasaj difisil nan forè ant Kolonbi ak Panama — di yo ap antreprann vwayaj danjere sa a paske yo pèdi espwa pou chanjman apre yon eleksyon prezidansyèl konsteste kote Prezidan Nicolás. Maduro te soti gayan malgre dekont opozisyon an te pibliye an montre konkiran li te ranpòte yon kokennchenn viktwa.
Ane pase a, plis pase yon demi milyon moun te travèse pasaj difisil ant forè Kolonbi ak Panama nan espwa pou yo rive nan Etazini. Majorite nan yo se te Venezyelyen.
Menm si vag migrasyon te ralanti parapò ak nan nivo rekò li te atenn ane pase a, sèten moun di rezilta konteste eleksyon Jiyè Venezyela yo ak represyon leta vin fè apre yo se gout dlo ki fè vaz la debòde a.
Lajistis Venezyela ak Ajantin Mande Arestasyon Prezidan Peyi Opoze a
Lakou Siprèm Venezyela valide lendi yon manda arestasyon kont prezidan ajanten an Javier Milei, anvan sa lajistis nan peyi Ajantin bò kote pa l te bay lòd pou fouke prezidan venezyelyen Nicolas Maduro.
Desizyon Lakou Siprèm (Pi gwo Tribinal nan peyi sa) venezyelyen tonbe apre yon demann ki sòti nan men pwokirè jeneral Tarek William Saab nan dat 18 septanm 2024 la, kote l tap mande manda arestasyon kont M. Milei, men tou kont minis sekirite a Patricia Bullrich, ak sekretè jeneral prezidans Ajantin lan Karina Milei, nan kad yon dosye avyon venezyelyen ki te sezi an jiyè 2022 nan Buenos Aires epi voye Ozetazini.
Mezi sa a plis gen yon karaktè simbolik, paske chans pou prezidan ekstrèm liberal ajanten an, minis li oubyen sekretè jeneral prezidans li an ta vini nan peyi Venezyela, kote mezi sa a ka aplike piti anpil.
Twa moun sa yo gen akizasyon vòl grav, blanchiman lajan, vyolasyon ilegal libète moun, enjerans ilegal nan sa ki konsène sekirite operasyonèl aviyasyon sivil, ak itilizasyon avyon.
Konfli nan mitan de peyi yo kòmanse depi 8 jiyè 2022, lè lajistis ajanten te deside kenbe yon avyon kago venezyelyen sou teritwa li. 19 manm ekipaj la te jwenn arestasyon, yo tou, men yo ta pral libere yo an apre. Pami yo, te gen senk Iranien, youn ladan yo, selon Washington, ansyen kòmandan Gadyen Revolisyon an, yon òganizasyon peyi Etazini klase kòm teworis.
Etazini te mande pou sezi avyon an, paske selon motif yo bay, se yon avyon konpayi iranyen Mahan Air bay vann bay Emtrasur, filyal konpayi aviyasyon piblik venezyelyen Conviasa nan mwa Oktòb 2021, li an vyolasyon ak sanksyon amerikèn yo.
Ajantin te remèt avyon bay peyi Etazini nan mwa Fevriye, sou rejim nouvo prezidans Javier Milei.
De prezidan sa yo venezyelyen ak ajanten, se de moun ki opoze ideyolojikman, yo kritike, menm joure youn lòt regilyèman.