Accessibility links

Breaking News

Venezyela

Venezyela Bay TikTok Yon amann 10 milyon Dola

FILE PHOTO: TikTok head office in United States
FILE PHOTO: TikTok head office in United States

Venezyela bay TikTok yon amann 10 milyon dola lendi a pou "neglijans" li nan kontwole tchalendj sou entènèt, apre lanmò twa adolesan venezyelyen ki te patisipe nan yon defi danjere ki te toujou ap sikile sou platfòm chinwa a.

Kou Siprèm Venezyela a te bay TikTok lòd pou li peye amann lan nan 8 jou kap vini yo " pou neglijans li, paske li pa t pran mezi nesesè ak apwopriye pou anpeche pwopagasyon piblikasyon ki pale sou tchalendj popilè," se sa jij Tania D'Amelio te deklare.

Nan dat 21 novanm, Kou Siprèm te dakò pou li egzamine ka sa a, apre lanmò twa adolesan ak anpwazonnman 200 lòt elèv nan plizyè lekòl nan peyi a, apre yo te respire sibstans chimik ki te ankouraje nan kad tchalendj popilè yo.

"Avek amann sa, eta venezyelyen an ap kreye yon fon pou viktim TikTok, ki pral sèvi pou konpanse domaj sikolojik, emosyonèl, ak fizik ki te koze lakay itilizatè yo, espesyalman si se timoun ak adolesan," jij la te ajoute.

Prezidan venezyelyen an, Nicolas Maduro, te pale nan fen novanm sou yon envitasyon reprezantan TikTok yo devan lajistis apre lanmò twa jèn sa yo ki te fè defi danjre sa yo. TikTok nan kolimatè plizyè peyi, tankou Etazini, kote li gen plis pase 170 milyon itilizatè.

Otorite yo sispèk aplikasyon an ap fè espyonaj sou Ameriken yo, ap ranmase enfòmasyon pèsonèl, men tou ap sèvi pou fè pwopagann chinwa.

TikTok voye jete akizasyon sa yo. Dapre yon lwa ki te siyen ane sa a, pwopriyetè chinwa TikTok, ByteDance, dwe separe ak aplikasyon popilè sa a anvan janvye oswa li ap riske entèdiksyon Etazini.

Men, prezidan eli Donald Trump, ki pral pran fonksyon li nan mwa janvye a, pa dakò sa, li panse sa ap fè Instagram ak Facebook plis favè.

Nan kòmansman novanm, Kanada te bay lòd pou likidasyon branch TikTok nan Kanada, yo te pale de "risk presi pou sekirite nasyonal", men san yo pa entèdi aksè ak itilizasyon aplikasyon an nan peyi a.

Brezil, sou bò pa l, te bay TikTok lòd pou li pran mezi pou pwoteje done pèsonèl timoun yo, li te pale sou posiblite pou sanksyon.

Venezyela: Liberasyon Plis Pase 950 Prizonye Kriz Elektoral yo

APTOPIX Venezuela Election Detainees
APTOPIX Venezuela Election Detainees

Yon nouvo vag liberasyon prizonye ki te nan detansyon pandan ajitasyon apre reyeleksyon konteste Nicolas Maduro nan Venezyela te fè kantite total moun ki libere a rive 956, lajistis la te anonse nan Lendi, jis anvan Nwèl la.

Nan maten an, 177 liberasyon te apwouve anvan, epi 46 lòt nan apremidi a, ki totalize yon kantite "956 liberasyon ki te fèt" depi kriz apre eleksyon prezidansyèl Jiyè 28 a, pwokirè piblik la te deklare nan yon nòt pou laprès.

Vandredi, otorite yo te deja anonse 200, anplis de 179 yo te akòde menm semenn nan ak plis pase 300 yo deside depi Novanm.

Pami 956 prizonye ki lage sa yo genyen adolesan, men chif ofisyèl yo pa presize konbyen yo ye.

Fanmi ak pwòch prizonye yo te milite pandan plizyè semenn pou mande pou yo libere anvan Nwèl la.

Plis pase 2,400 moun yo te jwenn arestasyon yo pandan latwoublay apre reyeleksyon konteste Nicolas Maduro, yo te akize yo an patikilye de teworis ak ensitasyon layèn answit fèmen nan sant ki gen gwo sekirite.

Espay Ofri Ofisyèlman Azil Bay Opozan Venezelyen Edmundo González

Spain Venezuela
Spain Venezuela

Espay ofri ofisyèlman azil bay opozan venezelyen Edmundo González Urrutia, kandida ki te anfas Nicolas Maduro nan eleksyon prezidansyèl 28 jiyè a, se sa Minis Afè Etranjè José Manuel Albares te anonse vandredi.

"Demann azil Edmundo González te fè nan Espay la te aksepte, e yo pral notifye li nan jou kap vini yo," se sa ministè a te di bay jounalis yo nan Sena a, apre li te rankontre M. Urrutia nan maten an.

Yo te atann ak desizyon sa a, paske Premye Minis espanyòl Pedro Sánchez te asire depi nan kòmansman septanm, kèk jou apre opozan sa a te rive nan Espay, yo t ap ofri l azil kòm yon "jès imanitè".

Edmundo González te deklare sou X José Manuel Albares te konfime l pandan yo t ap pale "pozisyon Leta espanyòl" la se menm jan ak tout Inyon Ewopeyen an, "liberasyon tout prizonye politik yo e pou Venezyela respekte angajman dwa entènasyonal yo."

"Dokiman an," M. González raple, "presize Inyon Ewopeyen an pral mobilize tout zouti ki disponib pou soutni demokrasi ak yon tranzisyon pasifik ak enklizif nan Venezyela."

Edmundo González te kite peyi li pou Madrid 8 septanm, nan yon avyon militè espanyòl, apre li te chape poul li nan anbasad espanyòl nan Karakas.

Reyeleksyon Nicolas Maduro 28 jiyè a pou yon twazyèm manda sis lane te lakòz opozisyon an konteste ak tout fòs li, paske konsidere Edmundo González Urrutia te genyen avèk plis pase 67% nan vòt yo.

Pwoklamasyon viktwa li a te lakoz aksyon pwotestasyon ak konfwontasyon ak fòs lòd yo, ki te lakòz 28 moun mouri epi prèske 200 blese.

Edmundo González Urrutia te deklare plizyè fwa depi lè sa a li pral nan peyi l 10 janvye pou pran fonksyon prezidan.

Venezyela: Maduro Anonse li Vle Yon "Gwo Refòm Konstitisyonèl"

Venezuela Maduro
Venezuela Maduro

Prezidan venezyelyen an, Nicolas Maduro, anonse jedi 19 desanm lan li gen entansyon fé "yon gwo refòm konstitisyonèl" nan konstitisyon peyi a pandan twazyèm manda li a.

Nan yon diskou ofisyèl, Maduro te deklare: "Mwen te fòme yon ekip ak plizyè gwo konseye entènasyonal, gwo konseye nasyonal, pou reflechi, ak pèp nou an, sou yon gwo refòm konstitisyonèl ki plis demokratize sosyete Venezyelyen an epi bay plis pouvwa a sitwayen yo."

Nan peyi Venezyela, amannman konstitisyonèl yo dwe ratifye pa yon vòt popilè.

Nicolas Maduro te mande pou yo kreye yon asanble konstitiyan nan ane 2017 pou "pasifye" peyi a, ki te gen pakèt manifestasyon ki t ap mande l lage pyel sou pouvwa a.

Enstitisyon an te pran fen nan ane 2020 san yo pa t rive amande Konstitisyon an, ki te fèt nan ane 1999 e ki te sipò lidè sosyalis Hugo Chavez.

Anons Prezidan Maduro a rive 3 semèn anvan li prete sèman pou twazyèm manda 6 an li gen pou al fè a (2025-2031).

Venezyela: Liberasyon 300 Moun yo te Arete Pandan Vyolans Apre eleksyon yo

Venezuela's government shows Aragua jail after taking it over, in Tocoron
Venezuela's government shows Aragua jail after taking it over, in Tocoron

Gouvènman an te anonse Jedi a, plis pase 300 moun yo te arete pandan manifestasyon kont reyeleksyon prezidan Venezyelyen an Nicolas Maduro yo te libere.

An total, plis pase 2,400 moun te nan prizon kèk èdtan apre anons viktwa Prezidan Maduro a pandan manifestasyon kote 28 moun te mouri epi prèske 200 lòt te blese.

"Pandan 72 dènye èdtan yo (10, 11 ak 12 desanm), 103 liberasyon te fèt," Ministè Enteryè a te di yon nòt pou laprès.

ONG Foro Penal, ki okipe defans "prizonye politik yo", di AFP jiska prezan, 190 moun te libere: 165 nan kòmansman, apre sa 25 nan dezyèm faz sa a otorite yo mansyone, enkli minè.

Prizonye yo, ki gen ladan anviwon yon santèn adolesan, te akize pou "teworis" epi yo te mete yo nan prizon ki gen gwo sekirite. Anpil nan yo te nan prizon san manda. Gouvènman an te louvri mwayen kominikasyon ki pèmèt denonse yo.

Reyeleksyon Nicolas Maduro nan dat 28 jiyè, pou yon twazyèm manda 6 zan, te konteste anpil pa opozisyon an, ki estime kandida li a, Edmundo González Urrutia, te genyen ak plis pase 67% nan vòt yo.

Maduro di : Prezime Koudeta kont Lula se yon Atak 'Makab'

CELAC summit in Kingstown
CELAC summit in Kingstown

Prezime koudeta kont prezidan brezilyen an, Luiz Inacio Lula da Silva, se yon plan "vyolan" ak "makab" kont lidè a, tokay Venezyelyen ak alye sosyalis li a, Nicolas Maduro, deklare pandan yon pwogram televizyon.

Lapolis brezilyen te mande enkilpasyon ansyen Prezidan Jair Bolsonaro an koneksyon avèk yon "koudeta" swadizan ki te òganize an 2022 pou anpeche Lula pran pouvwa a.

"Lula se yon gan òm e sa li fè tout lavi li se goumen pou Brezil nan yon fason pasifik, politik ak elektoral. Donk, tout solidarite ak Prezidan Lula devan dekouvèt atak vyolan ak makab sa yo kont li."

Venezyela Pase Lwa pou Pini Moun ki Sipòte Sanksyon Entènasyonal Sòti 25 Jiska 30 Lane Prizon

VENEZUELA-ELECTION-JUSTICE-ARREST
VENEZUELA-ELECTION-JUSTICE-ARREST

Palman an Venezyela, kote gouvènman an gen yon majorite total, adopte yon lwa Jedi a ki pini sòti nan 25 pou rive 30 lane prizon moun ki sipòte sanksyon entènasyonal ki vize rejim Prezidan Nicolas Maduro, ki gen kontestasyon apre reyeleksyon li an Jiyè.

"Nenpòt moun ki ankouraje, ensite, mande, envoke, favorize, fasilite, sipòte oswa patisipe nan adopsyon mezi sere boulon (...) yo pral pini ak santans prizon sòti 25 pou rive 30 lane," youn nan atik nan lwa yo endike, ki prevwa tou pou amann ki depase yon milyon dola, ak pèn pou inelijiblite ki rive jiska 60 lane.

"Se yon lwa" pou "pote lòd ak mete limit nan konpòtman trèt nan peyi a “ yon ti gwoup "ki tounen restavèk" Mesye Maduro te deklare.

Yo rele lwa a "Simon Bolivar Liberator Act", li reponn a yon pwojè lwa Chanm Reprezantan Etazini te adopte le 18 novanm nan lide pou ranfòse sanksyon kont Venezyela.

Pwojè lwa sa a, ki dwe resevwa apwobasyon nan men Sena a ak siyati prezidan an pou antre an vigè, te resevwa akwonim anglè Bolivar (Banning Operations and Leases with Illegitimate Venezuelan Authoritarian Regime) e li entèdi gouvènman Ameriken an siyen kontra ak moun k ap fè biznis ak sa Nicolas Maduro dekri kòm "ilejitim".

Maduro Mande Kongrè a pou l Konsidere Entèdiksyon Medya Sosyal pou Minè Menm Jan ak Ostrali.

Russia BRICS Summit
Russia BRICS Summit

Prezidan Venezyelyen an, Nicolas Maduro, te mande pou aplike yon lwa ki kopye sou entèdiksyon Ostralyen yo pou minè yo sèvi ak rezo sosyal pandan yon podkas jedi 28 novanm.

Pandan podkas la, Maduro te di tou imigran Venezyelyen yo pral retounen lakay yo yon fwa Etazini leve blokaj kont peyi Amerik di Sid la.

Ostrali apwouve yon lwa ki fòse jeyan teknoloji soti nan Instagram ak Facebook pwopriyetè Meta rive nan TikTok pou yo swa anpeche minè yo konekte oswa fè fas ak amann jiska 49,5 milyon dola ostralyen ($32 milyon). Yon tès pou aplike metòd sa pral kòmanse nan mwa janvye, entèdiksyon an ap aplike nan yon lane.

Pwojè lwa pou laj minimòm nan medya sosyal mete Ostrali se yon tès pou yon kantite gouvènman k ap grandi ki te fè lejislasyon oswa ki di yo planifye lejislasyon sou restriksyon laj pou medya sosyal akoz enkyetid yo sou enpak yo sou sante mantal jèn yo.

Venezyela di Nouvo Sanksyon Ameriken yo se yon "Zak Dezespere"

Venezuela Election
Venezuela Election

Karakas te dekri kòm yon "zak dezespere" kont "patriyòt" yo nouvo sanksyon Washington te anonse Mèkredi ki vize ofisyèl nan sèvis sekirite ak pèsonalite nan pouvwa Venezyelyen an.

"Venezyela voye jete ak tout fòs li nouvo sanksyon "gouvènman amerike, k ap kite pouvwa a, pran kont pèp Venezyelyen an, an patikilye, kont yon gwoup patriyòt (...)

Mezi yo anonse jodi a se yon zak dezespere yon gouvènman an dekadans. ", dapre yon nòt pou laprès ki soti nan Ministè Afè Etranjè a.

Etazini Rekonèt Kandida Opozisyon Venezyela a Kòm Prezidan Eli Peyi a

FILE - Venezuelan opposition leader Edmundo Gonzalez waves to supporters at Puerta del Sol in Madrid, Spain, Sept. 28, 2024.
FILE - Venezuelan opposition leader Edmundo Gonzalez waves to supporters at Puerta del Sol in Madrid, Spain, Sept. 28, 2024.

KARAKAS, Venezyela (AP) — Gouvènman ameriken an rekonèt kandida opozisyon Venezyelyen an, Edmundo González, kòm "prezidan eli" peyi Amerik di Sid la, plizyè mwa apre Prezidan Nicolás Maduro te deklare li genyen eleksyon jiyè a.

Sekretè Deta Ameriken an Antony Blinken te rekonèt González madi nan yon pòs sou X kote li te mande tou "respè pou volonte" elektè Venezyelyen yo.

Administrasyon prezidan ameriken an, Joe Biden, di González te genyen plis vòt nan eleksyon 28 jiyè a, men li pa rekonèt li kòm prezidan eli.

Venezyela : Maduro Bay TikTok 72 Zèdtan pou Retire Kèk Kontni Sou Platfòm li

Nicolas Maduro
Nicolas Maduro

Prezidan Venezyela a, Nicolas Maduro, bay TikTok 72 zèdtan lendi pou retire kontni ki ankouraje defi danjre yo apre lanmò 2 timoun nan peyi a, sinon li pral pran "sanksyon sevè".

Videyo "tchalendj" yo trè popilè sou rezo sosyal yo e yo konn mande moun fè aksyon ki ka mennen lanmò, tankou ekspoze tèt yo a pwodwi toksik.

Defi M. Maduro ap kritike yo, nan ka sa a, enplike pran medikaman.

"Yon tifi 12 lane, ki ale lekòl nan yon lise piblik, mouri jodi a (lendi) nan Petare (nò) paske li vale (medikaman) e li te swiv sa yo rele defi yo (...), tifi a te rive pale pandan li t ap fè kriz epi li di li te wè yo sou TikTok," prezidan an te di pandan emisyon li an “Avèk Maduro”.

Yon jèn gason 14 lane mouri tou apre li te eseye fè youn nan defi sa yo "ki ap sikile sou TikTok", li te ajoute.

Nicolas Maduro mande prezidan regilatè telekominikasyon Venezyela a pou kontakte responsab TikTok nan rejyon an, epi li bay 72 zèdtan pou platfòm la retire "defi sa yo ki abizif epi kriminèl".

"M vle chèf (rejyon) Amerik Latin nan ki abite Meksik la, konnen: lanmò timoun sa yo se responsabilite w, paske se TikTok ki ap pibliye sa yo," M. Maduro te di an kòlè.

Li te avèti TikTok pral sibi "sanksyon sevè" pou "defann" entegrite timoun yo si li pa respekte lòd sa a, pandan li denonse "kriminèl TikTok yo".

Prezidan an ankouraje paran timoun ki ap itilize rezo sosyal yo pou yo veye aktivite pitit yo sou entènèt.

Yon ankèt ouvè nan Venezyela sou ka sa yo.

Nicolas Maduro te deja pran mezi kont rezo sosyal yo: 8 dawout, li te bay lòd pou sispann X (ansyen Twitter), li te akize li kòm responsab dezòd ki te fèt apre reyeleksyon konteste li a 28 jiyè.

X te retounen disponib pou itilizatè prive kèk semenn apre sa, men aksè a toujou limite pou anplwaye konpayi nasyonal telekominikasyon Cantv.

M. Maduro te tou mande pou moun sispann sèvi ak aplikasyon WhatsApp, li te efase aplikasyon an sou telefòn li 6 dawout, selon imaj televizyon yo te montre.

Venezyela ak Larisi Siyen Akò Militè ak Petwòl

Russia's President Vladimir Putin meets with Venezuela's President Nicolas Maduro on the sidelines of the BRICS summit in Kazan on October 23, 2024. (Photo by Alexander NEMENOV / POOL / AFP)
Russia's President Vladimir Putin meets with Venezuela's President Nicolas Maduro on the sidelines of the BRICS summit in Kazan on October 23, 2024. (Photo by Alexander NEMENOV / POOL / AFP)

Venezyela ak Larisi te siyen jedi yon seri akò militè, espesyalman nan domèn entèlijans, ansanm ak akò petwòl ki, selon prezidan venezyelyen Nicolas Maduro, simante "chemen koperasyon" ant 2 peyi yo.

"Avek akò epi kontra sa yo nou siyen, nou ap simante epi ranfòse chemen inyon ak koperasyon ant Larisi ak Venezyela pou rès ane kap vini yo, jouk 2030 menm pi lwen," se sa Maduro te di pandan yon seremoni nan palè prezidansyèl la nan Karakas, nan fen yon reyinyon ant delegasyon 2 peyi sa yo ki se pwòch alye.

Vis-prezidan Larisi Dmitri Tchernichenko te anvan sa souliye volonte peyi li pou reponn "konplètman" a "bezwen fòs lame venezyelyen an" nan founi yo "zam ak ekipman militè ki plis sofistike," selon tradiksyon deklarasyon li an pa televizyon piblik venezyelen an.

Pami 17 akò yo, de peyi yo te siyen yon dokiman koperasyon sou "itilizasyon dwòn" ak "kesyon entèlijans ak kont espyonaj".

Sou bò pa li, vis-prezidan venezyelyen Delcy Rodriguez te remèsye prezidan ris Vladimir Poutine pou sipò li nan "ekipman" fòs lame venezyelyem yo e pou koperasyon li nan ede " pwoteje" sou "entegrite teritoryal" ak "souverènte nasyonal" peyi a.

Pati yo te siyen tou akò sou "fòmasyon ak konsèy teknik" nan domèn enèji ansanm ak sou "bay sèvis petwòl ak teknoloji pou rekiperasyon petwòl brit," se sa moderatè reyinyon an te deklare.

Venezyela Raple Anbasadè li nan Brezil pou Konsiltasyon

FILE PHOTO: Venezuelan President Nicolas Maduro in Caracas
FILE PHOTO: Venezuelan President Nicolas Maduro in Caracas

Venezyela raple anbasadè li a nan Brezil pou konsiltasyon mèkredi, epi li te fè apèl a chaje dafè Brezil la nan Karakas, pandan tansyon an ap ogmante ant de peyi yo apre veto Brezil la sou antre Venezuyela nan gwoup Brics la semenn pase a.

"Nou te deside fè apèl ijan ak anbasadè (venezyelyen an) Manuel Vadell pou konsiltasyon (...) Nou te fè apèl jodi a a chaje dafè (...) Brezil," selon tèks kominike Ministè Afè Etranjè Venezyela a.

"Nou denonse konpòtman irasyonèl diplomat Brezilyen yo ki, malgre apwobasyon lòt manm Brics yo, te adopte yon politik blokaj," tèks la kontinye.

Karakas voye jete tou "ak tout fòs li tout entèferans ki ap fèt souvan ak deklarasyon grosye ki soti nan men pòtpawòl gouvènman Brezil la, espesyalman sa yo ki soti nan men konseye espesyal pou Afè Etranjè, Celso Amorim (...) ki konpòte li plis kòm yon mesaje pou enperyalis ameriken an."

Ministè Afè Etranjè Brezilyen an pa gen okenn plan pou pran mezi resipwòk pou kounye a: "Nou pral kontinye evalye" sitiyasyon an, se sa yon fonksyonè nan ministè a ki pa t vle non l site te di bay AFP.

Prezidan Asanble Nasyonal la, Jorge Rodriguez, youn nan moun ki pi pwisan nan pouvwa venezyelyen an, te pwopoze pou deklare M. Amorim "persona non grata", akize li espesyalman pou "enjerans" ak "atitid feblès san parèy li devan plan agresif enperyalis" ameriken an.

Antòtye nan yon kriz ekonomik ki san bout, ki vin pi grav ak sanksyon ameriken, Karakas te vreman swete antre nan Brics pandan somè ki te fèt nan Kazan (Russie) semenn pase a. Malgre sipò Larisi, li te fè fas ak veto Brazilia.

Karakas te reyaji ak fòs sou veto Brezil la vandredi ak yon kominike ki pat mete dlo nan bouch li pou pale de : "agresyon", "jès ostil", "ineksplikab ak imoral".

Prezidan Nicolas Maduro te mande tokay brezilyen li, Lula, pou li pran pozisyon parapò ak ministè afè etranjè Brezil la, ki dapre li se "yon pouvwa anndan pouvwa brezil la depi anpil ane (...) ki toujou konspire kont Venezuela (...) ki mare sosis li ak Depatman Deta ameriken an depi epòk koudeta kont (Prezidan brezilyen) Joao Goulart an 1964."

Venezyela : Volontè Opozisyon an k ap "Defann Vòt yo" Pè Represyon

Spain Venezuela
Spain Venezuela

" Yo ap pwiv nou, yo ap siveye nou” : akize kòm "teyoris" pa otorite yo, "comanditos" yo, ti gwoup volontè opozisyon venezyelyen an ki te kreye pou eleksyon prezidansyèl 28 jiyè a, ap viv nan lapèrèz depi reyeleksyon konteste Nicolas Maduro.

Gwoup sa ki te lanse pandan kanpay la, "comanditos" yo, ki gen 70,000 manm, te gen kòm objektif pou mobilize elektè yo pou vòt la, òganize travay lojistik tankou pote manje oswa dlo pou moun ki ap veye vòt la, oswa transpòte moun ki pral vote nan biwo vòt yo.

Youn nan misyon prensipal yo te se pou rekipere pwosè vèbal nan chak biwo vòt pou jwenn dekont detaye vòt la.

Prezidan Nicolas Maduro te pwoklame kòm gayan eleksyon yo ak 52% vwa pa Konsèy Nasyonal Elektoral (CNE), yo konsidere ki ta kòmkwa anba lòd pouvwa a e ki pa t pibliye pwosè vèbal biwo vòt yo, yo te fè konnen yo viktim pirataj enfòmatik, sa opozisyon an twouve ki pa kredib.

Opozisyon an afime "comanditos" yo te rasanble anviwon 80% nan pwosè vèbal yo, e kandida yo, Edmundo Gonzalez Urrutia, te genyen eleksyon prezidansyèl la ak plis pase 67% nan vòt yo. Ki kounye a twouve l nan mawon nan peyi Lespay akoz manda arestasyon yo mete dèyè l, alòske M. Maduro te fè kwè Madam Machado tou te kite peyi a.

Dapre sous ofisyèl, plis pase 2,400 moun te jwenn arestasyon yo pandan manifestasyon ki te vin apre anons viktwa M. Maduro. Sa te lakòz tou 27 moun mouri, pami yo de manm fòs lòd yo.

Yo akize moun yo te arete yo kòm "teroris", pandan prezidan Maduro te souvan atake "comanditos" yo, li akize yo kòm "kriminèl" ki responsab vyolans ak "tantativ koudeta".

Venezyela Devwale yon Desen Nasrallah sou Yon Mi pou Rann Omaj a Defen Lidè Hezbollah a

ISRAEL-PALESTINIANS/VENEZUELA
ISRAEL-PALESTINIANS/VENEZUELA

Manm kominote Libanè ak Palestinyen nan Venezyela te reyini jedi 17 oktòb la pou devwale yon desen sou yon mi nan Karakas pou rann omaj a defen lidè Hezbollah Sayyed Hassan Nasrallah.

Desen sa a montre drapo Libanè ak Venezyelyen ak figi Nasrallah nan mitan an.

Desen sa an te inogire pa yon mouvman sosyal goch ki makònen ak gouvènman an nan objektif pou ankouraje lapè ak dwa grandèt pèp yo nan mond lan.

Izrayèl te touye Nasrallah nan dat 27 septanm, nan yon atak ayeryen nan yon katye nan sid Beyrout ki te anba kontwòl Hezbollah. Lanmò li te yon souflèt marassa pou Hezbollah alòske gwoup la te deja boulvè akòz ogmantasyon atak Izrayelyen yo. Li t ap dirije Hezbollah depi 1992.

Load more

XS
SM
MD
LG