Gwoup dyaspora Ayisyen KOMOKODA kap defann pou demokrasi reprann pye an Ayiti pwoteste kont prezand Prezidan Konsey Prezidansyel Tranzisyon Ayiti a, Edgar Leblanc Fils nan Asanble Jeneral LONU. Yo di misye pa eli kidonk li pa reprezante tout Ayisyen.
Gwoup Ayisyen KOMOKODA yon oganizasyon kap travay pou demokrasi tounen an Ayiti, plante piket yo devan lye kote Premye Minis Ayisyen, Garry Conille, tap rankontre dyaspora Nouyok la epi reponn kestyon yo. Glorieuse Nelson pral esplike kisa yo tap revandike.
Premye Minis Ayisyen Garry Conille rankontre dyaspora Ayisyen Nouyok la epi reponn kestyon yo Madi swa. Valerio Saint Louis te sou plas pou VOA Kreyol.
Konseye Prezidansyèl Tranzisyon Ayiti a, Lesley Voltaire ankouraje kominote entènasyonal la pou l apiye Ayiti pandan "Rankont pou Avni a" ki te dewoule nan kad Asanble Jeneral Nasyonzuni 23 Septanm.
Politisyen divès pati politik opozisyon an rasanble Lendi pou diskite sou kad legal pou pati politik yo.
Doktè Garry Conille, ki te pran tèt primati a nan dat 12 jen ki sot pase la, drese bilan 100 premye jou gouvènman l ap dirije a.
Anbasadè meriken an a Dennis Hankins chita pale ak Direktè ULCC , Jacques H. Luidwige Joseph. Skandal koripsyòn BNC ki enplike 3 konseye prezidansyel te nan mitan diskisyon yo.
Yon gwoup sendikalis manifeste devan Vila dakèy pou denonse fason CPT a chwazi manm KEP a.
Konsèy prezidansyèl tranzisyon an bay tèt li yon delè jiska mèkredi semèn sa a poul mete kanpe konsèy elektoral pwovizwa a nan kad preparitif òganizasyon pwochèn eleksyon jeneral yo ki ta dwe dewoule nan kouran lane 2025 la. Yon repòtàj Renan Toussaint, depi pòtoprens.
Yon òm de lwa Annayiti, mèt Jonas Revange, swete 3 konseye prezidansyèl ki enplike nan skandal kòripsyon an, fè yon retrè nan strikti sa a pou fasilite aboustiman ankèt la.Ann swiv yon repòtaj ak Renan Toussaint, depi pòtoprens.
Premye minis Garry Conille AK DG PNH AP multipliye rankont ak patnè entènasyonal yo sou gran défi Peyi Dayiti yo .
Load more